dimanche 1 juillet 2012

Verset du mois de juillet 2012

« Considère (…) la bonté et la sévérité de Dieu : sévérité envers ceux qui sont tombés, et bonté de Dieu envers toi, si tu demeures ferme dans cette bonté ; autrement, tu seras aussi retranché. »
                       (Romains 11:22) Bible Louis Segond
………………………………………………………………….............
« (…) Nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, y’ap koupe w tankou lòt branch yo. »  
                (Women 11:22) Bible Société Biblique Haitïenne

               Kòman w ye nan lanmou ak gras BONDYE ?

Kòman fè pa gen moun ki ta renmen yo pran yo pou egare epi gen moun ki panse BONDYE se egare ? Ou kwè BONDYE  bon  anpil ? Ou gen rezon, paske se vre  e  se youn nan karakteristik  BONDYE.

BONDYE fidèl (2 Tim 2 :13) ; Li gen mizerikòd  ak  konpasyon (Jer 33 :11 ; Sòm 145 :8) ; Li bon (Sòm 100 :5 ; Lamantasyon 3 :22-25), etc.

Men, an menm tan tou, BONDYE se yon BONDYE ki  jalou  e ki pa pataje glwa  Li  ak  pèsonn (Egzòd 34 :14) ; Li sen, Li pa tolere malpwòpte (Ezayi 6 :3 ; 1 Pyè 1:16) ; Li  jije avèk  jistis, Li pa gen patipri (2 Tim 4 :8 ; Sòm 111 :3 ; Travay 10 :34-35) ; Li se yon BONDYE terib, nou dwe gen anpil krentif pou Li (Ebre 12 :28-29 ; 2 Kwonik 19 :7 ; Sòm 33 :8).

Tout moun ki pa ta renmen pèdi  lanmou  ak  gras BONDYE gen pou yo dwe aksepte epi rete nan lanmou ak gras BONDYE (Women 9-11; Lik 13:3 ; Rev 3:11)

Chant du mois: # 277 français CE (Sans un Dieu puissant pour Père)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com






vendredi 1 juin 2012

Verset du mois de juin 2012


« Etes-vous tellement dépourvus de sens ? Après avoir commencé par l’Esprit, voulez-vous maintenant finir par la chair. Avez-vous tant soufert en vain ? » 
(Galates 3 :3-4) Bible Louis Segond
…………………………………………………………………...……
« Ki jan nou fè egare konsa ? Nou koumanse ak pouvwa Lespri Bondye a, kounyeya nou vle fini ak pwòp fòs kouray nou. Eske se pou ganmesi nou te fè eksperyans sa yo ? » 
(Galat 3 :3-4 ) Bible Société Biblique Haitïenne

Ki jan w ye kounyeya pa rapò a jan w te kòmanse?

Ki moun ki ta renmen yo rele  li egare ? Pèsonn moun pa ta renmen yo rele  li  konsa. Men, èske nou pwouve sa nan fason n’ap  viv, nan fason n’ap pale, nan fason n’ap reflechi epi pran desizyon ?

Ki moun ki ta renmen byen kòmanse epi chwazi fini mal? Pawòl BONDYE a egzòte nou pou nou fè plis pwogrè chak jou (1 Tesalonisyen 4:1). Paske, pou nou jwenn rekonpans BONDYE sere pou nou an, nou dwe byen fini kous lavi a (Matye 24:13, 45-46; Lik 9:62, 21:19; Ebre 10:35-39; Mak 8:36).

Ou gen lontan w ap soufri  akoz  Levanjil Kris la ? Enben, bay BONDYE  glwa  pou sa, paske  se yon siy ki  pwouve Lespri  BONDYE  kouvri w (1 Pyè 4:12-19, 3:17; 2 Timote 3:12).

Sonje byen :a) Moun k’ap mache dwat yo ap viv paske yo mete konfyans (lafwa) yo nan BONDYE (Abakik 2 :4) ; b) Nou se sèl ak limyè pou moun ki sou latè; se nou ki pou gide yo (Matye 5:13-19; Mak 9 :50) ; c) Nou pa dwe kite zèv lachè distrè nou (Galat 5 :19); nou dwe konsantre nou sou fwi Lespri a (Galat 5 :22) ; d) Viktwa nou depann de Lespri BONDYE ; li pa depann de fòs (estreteji, plan) nou (Zakari 4 :6).

Chant du mois: # 68 français Réveillons-nous (Invoque-moi du sein de la détresse)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com




samedi 12 mai 2012

Verset du mois de mai 2012


« Si tu faiblis au jour de la détresse, Ta force n’est que détresse.»     
                            (Proverbes 24: 10) Bible Louis Segond
 ..........................................................................................................................................
« Si jou malè ou pa gen kouray pou kenbe, ou pat janm gen fòs vre. »           
                        (Pwovèb 24: 10) Bible Société Biblique Haitïenne

                                   Nan moman detrès, kòman w reyaji?
           Eskè  w pa  janm poze tèt ou  kesyon sa a : « Eske m’ gen fòs ? »  Se vre nou ta pi renmen poze yon lòt moun kesyon « Eske w gen fòs ? ». Men, gen de moman ki ka rive, nou dwe pran responsablite nou epi poze pwòp tèt nou kesyon sa a : « Eske m gen fòs ? », « Eske m gen fòs ? »,  « Eske m gen fòs ? »  …(Li 1 Korentyen 13 :5).

Kilè nou plis bezwen fòs nou ? Se nan moman feblès nou plis bezwen fòs nou. Pawòl BONDYE  a  di JEZI  ban nou  fòs pou fè fas ak nenpòt sitiyasyon (Filipyen 4 :13). E Apot Pòl di li kontan anpil lè feblès, kalamite, traka, pèsekisyon, difikilte, vini sou wout li, depi se akòz KRIS. Paske lè sitiyasyon vle fè li fèb, se lè sa li gen plis fòs (2 Korentyen 12 :10).

BONDYE pwomèt nou pou Li renouvle fòs nou paske se nan Li nou mete konfyans nou (Ezayi 40 :31). Li p’ap kite anyen ki twòp pou nou rive sou wout nou (1 Korentyen 10 :13).

Se vre li pi fasil pou nou janti ak moun lè sa bon. Men, sonje byen, nou ka gen bon atitid menm nan move moman (Matye 5:20, 43-48). 

Chant du mois: # 11 Kreyòl MJ (Li ban nou plis gras); #71 kreyol EE (Kenbe fèm travay n'ap fè pou JEZI KRI)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

jeudi 5 avril 2012

Verset du mois d'avril 2012



« La femme de Lot regarda en arrière  et elle devint une statue de sel. » 
(Genèse 19:26 ) Bible Louis Segond
 ........................................................................................................................................
« Madan Lo vire gade dèyè, la menm  li tounen yon gwo estati sèl.» 
(Jenèz 19:26 ) Bible Société Biblique Haitïene
.........................................................................................................................................

Èske w konsantre w sou demen
oubyen sou sa ki fin pase ?

Kèlkeswa  jan yè te ye pou ou, si se sou li ou konsantre w, ou p’ap kontinye avanse. Paske : 10) si li te bon pou ou, ou pral kontanple li san w pa fè jefò pou  w reyalize pi plis ; 20) si li pa te bon pou ou, ou ka kite li dekouraje  w epi panse pa gen lespwa pou ou ankò (Filipyen 3:13-14 ; Jenèz 19 :26).
    
Ou gen lè vle vire gade  dèyè ? Kisa  w sonje konsa? Plezi ? Avantaj-fo-mamit ki dire yon ti bout tan ? Relasyon ? Moun ki vle antre nan Wayòm BONDYE  a pa dwe vire gade dèyè; se devan yo dwe gade (Lik 9:62). Lè w fin pran yon desisyon pou w pwogrese, pa nan gad dèyè.

Lè w ap mache epi w ap vire gade dèyè, ou ka frape tèt ou nan yon mi oswa nan nenpòt ki obstak. Ou pa ka konsantre w sou de (2) bagay  an  menm tan. Ou pa ka sèvi de (2) mèt an menm tan. Ou pa ka fè BONDYE plezi  si  w pa vle obeyi  Li menm nan moman w pa konprann pou kisa . Lè BONDYE pale avè w, se pou w di AMÈN !!!
Chant du mois: # 78 Kè Kreyòl Chants d'Espérance (Mwen te deside / Pou m suiv Leseyè / Mwen p'ap tounen)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com





samedi 10 mars 2012

Verset du mois de mars 2012

« Celui qui est fidèle dans les moindres choses l’est aussi dans les grandes, et celui qui est injuste dans les moindres choses l’est aussi dans les grandes. »  
(Luc 16:10) Bible Louis Segond
...........................................................................................................................................
 « Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l’a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p’ap serye nan gwo bagay nonplis. » 
 (Lik 16:10) Bible Société Biblique Haitïenne
 ..........................................................................................................................................
 Èske w se yon moun yo ka fè konfyans ? 
 Ou pa janm tande moun ki di w « sa pa anyen monchè !», « degaje pa peche», « se ou k’ pi bon ? » ? Ou pa janm jwenn moun ki kwè nan « bay ti manti » , « se nòmal pou w defann tèt ou »? Pafwa yo menm pran yon vèsè yo mal entèprete (Eklezyas 7 :16-17) pou yo defann tèt yo. (Li : 1 Tim 4:6 ; Jak 5:12 ; Filipyen 2:4, 21) 

Men, kesyon nou dwe poze tèt nou se : Eske yo ka fè nou konfyans ? Nan kòmantè yo fè nan Bib NIV (Zondervan NIV Study Bible, 2002, p.1604), yo di: “ Yo pa mezire fidelite dapre kantite yo konfye yon moun, men dapre karaktè moun k’ap itilize bagay la.” 

 Fè yon ti panse sou sa epi reponn kesyon sa yo: Eske w fidèl nan travay BONDYE a, nan travay w ap fè, nan responsablite w genyen, nan jan w ap jere lavi w ? Eske w toujou bezwen yon sipèvizè? Eske w gen pèseverans nan travay ou ? (Lik 16:10-12)  

Sonje byen : BONDYE va ba moun ki fidèl nan byen jere ti bout vi yo gen sou tè sa a yon lavi ki p’ap janm fini.
Chant du mois: # 194 français Chants d'Espérance (Jésus te confie / une oeuvre d'amour)


2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com


vendredi 10 février 2012

Verset du mois de fevrier 2012


« Celui qui cultive son champ est rassasié de pain, Mais celui qui poursuit des choses vaines est rassasié de pauvreté.»             
                                     (Proverbes 28:19) Bible Louis Segond
...........................................................................................................................................
«Yon moun ki travay di nan jaden l ap jwenn kont manje pou l manje. Men, moun k’ap fè bagay ki p’ap sèvi anyen ap toujou pòv. » 
                             (Pwovèb 28:19) Bible Société Biblique Haitienne
 ............................................................................................................................................................................
Èske w konsantre w sou travay pa w ?
       Poukisa yon moun bezwen gen yon jaden si li p’ap travay ladan li ? Si li p’ap travay li, poukisa li pa bay yon lòt moun travay li pou li ? Yo te ka separe rekòt la, pa vre ?

       Men, BONDYE  konfye chak moun jaden pa yo (1 Kor 12; 1 Kor 7 :7). Ou pa ka bay yon lòt moun travay jaden pa w la pou ou. Pòl te konnen kisa ki travay pa li. Li pa t’ kite travay pa li a san fèt pou li eseye fè sa ki pa travay pa li (1Kor 1 :17). Yon bon egzanp, pa vre ?

Lavi w tou se yon jaden. Ou panse yon lòt moun pral  aksepte viv lavi w pou ou ?

       Jaden pa vle rete san yo pa travay yo. Si nou pa plante bon fwi, move zèb ap anvayi  yo nèt. Epi tou, se nan aprann jere ti jaden pou nou ka konn kòman pou nou jere gwo jaden (Lik 19 :27 ; Lik 16 :1-15).

       Lè w travay  jaden pa w, fwi travay la ap itil  ou epi l’ap itil  lòt moun tou. Paske nou tout p’ap plante menm fwi nan jaden nou. Men, nou ka benefisye travay lòt moun, manje fwi ki soti nan jaden yo (1 Pyè 4:10). Pou sa fèt, chak moun dwe konsantre yo sou jaden pa yo, pa vre? 
Chant du mois: # 38 français Echos des Elus (Je vous envoie travailler sans relache)


2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com


samedi 10 décembre 2011

Verset du mois de décembre 2011

« Si tu cours avec des piétons et qu’ils te fatiguent, Comment pourras-tu lutter avec des chevaux? Et si tu ne te crois en sûreté que dans une contrée paisible, Que feras-tu sur les rives orgueilleuses du Jourdain ? »
                                         (Jérémie 12:5) Bible Louis Segond
 ......................................................................................................................................
« Si ou pèdi souf lè w ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje ou gen kè poze, kisa w a fè lè larivyè Jouden an ap desann? »     
                                 (Jeremi 12:5) Bible Société Biblique Haïtienne
........................................................................................................................................
                                         Ki kantite kouray ou genyen ? 
Pafwa  nan lavi, nou konn ap travèse kèk  moman ki pouse nou poze anpil kesyon : nou poze tèt nou kesyon, nou poze lòt moun kesyon, e nou menm rive poze BONDYE kesyon. 

Ou kwè se sitiyasyon an ki dwe chanje, pa vre? Men, kisa  w ap fè si sitiyasyon an ta  vin pi mal ? Èske w ap toujou kenbe lafwa ? (Li 1 Pyè  5 :9; 2 Tim 3:2; Women 8 :35-39; 1 Pyè 4 : 12-14). 

Ou vle grandi ? Ou vle vin pi djanm ? Enben, poukisa w ap kouri pou obstak, difikilte ak traka ki vini pou ede w pran matirite? Si w pa ka travèse etap ou ye a, kòman w ap fè pase nan yon nivo ki pi wo ? 

Batay la poko fini. Toutan w vivan, fè jefò pou w avanse paske gen lòt nivo toujou. Fòk  ou ka di yon lè menm jan ak apot Pòl : « Mwen te goumen byen goumen. Mwen fini kous la. Mwen te kenbe lafwa. » (Li 2 Kor 4:8 ; 2 Tim 4:7)
Chant du mois: # 141 français Chants d’Esp. (A Jésus je m'abandonne)


2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com