vendredi 1 juin 2012

Verset du mois de juin 2012


« Etes-vous tellement dépourvus de sens ? Après avoir commencé par l’Esprit, voulez-vous maintenant finir par la chair. Avez-vous tant soufert en vain ? » 
(Galates 3 :3-4) Bible Louis Segond
…………………………………………………………………...……
« Ki jan nou fè egare konsa ? Nou koumanse ak pouvwa Lespri Bondye a, kounyeya nou vle fini ak pwòp fòs kouray nou. Eske se pou ganmesi nou te fè eksperyans sa yo ? » 
(Galat 3 :3-4 ) Bible Société Biblique Haitïenne

Ki jan w ye kounyeya pa rapò a jan w te kòmanse?

Ki moun ki ta renmen yo rele  li egare ? Pèsonn moun pa ta renmen yo rele  li  konsa. Men, èske nou pwouve sa nan fason n’ap  viv, nan fason n’ap pale, nan fason n’ap reflechi epi pran desizyon ?

Ki moun ki ta renmen byen kòmanse epi chwazi fini mal? Pawòl BONDYE a egzòte nou pou nou fè plis pwogrè chak jou (1 Tesalonisyen 4:1). Paske, pou nou jwenn rekonpans BONDYE sere pou nou an, nou dwe byen fini kous lavi a (Matye 24:13, 45-46; Lik 9:62, 21:19; Ebre 10:35-39; Mak 8:36).

Ou gen lontan w ap soufri  akoz  Levanjil Kris la ? Enben, bay BONDYE  glwa  pou sa, paske  se yon siy ki  pwouve Lespri  BONDYE  kouvri w (1 Pyè 4:12-19, 3:17; 2 Timote 3:12).

Sonje byen :a) Moun k’ap mache dwat yo ap viv paske yo mete konfyans (lafwa) yo nan BONDYE (Abakik 2 :4) ; b) Nou se sèl ak limyè pou moun ki sou latè; se nou ki pou gide yo (Matye 5:13-19; Mak 9 :50) ; c) Nou pa dwe kite zèv lachè distrè nou (Galat 5 :19); nou dwe konsantre nou sou fwi Lespri a (Galat 5 :22) ; d) Viktwa nou depann de Lespri BONDYE ; li pa depann de fòs (estreteji, plan) nou (Zakari 4 :6).

Chant du mois: # 68 français Réveillons-nous (Invoque-moi du sein de la détresse)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com