« Si tu faiblis au jour de la détresse, Ta
force n’est que détresse.»
(Proverbes 24: 10) Bible Louis Segond
..........................................................................................................................................
« Si jou malè ou pa gen kouray pou kenbe, ou
pat janm gen fòs vre. »
(Pwovèb 24: 10) Bible Société Biblique Haitïenne
Nan
moman detrès, kòman w reyaji?
Eskè w
pa janm poze tèt ou kesyon sa a : « Eske m’ gen fòs ? » Se vre nou ta pi renmen poze yon lòt moun
kesyon « Eske w gen fòs ? ». Men, gen de moman ki ka rive, nou
dwe pran responsablite nou epi poze pwòp tèt nou kesyon sa a : « Eske
m gen fòs ? », « Eske m gen fòs ? », « Eske m gen fòs ? » …(Li 1 Korentyen 13 :5).
Kilè nou plis bezwen fòs
nou ? Se nan moman feblès nou plis bezwen fòs nou. Pawòl BONDYE a di
JEZI ban nou fòs pou fè fas ak nenpòt sitiyasyon (Filipyen
4 :13). E Apot Pòl di li kontan anpil lè feblès, kalamite, traka,
pèsekisyon, difikilte, vini sou wout li, depi se akòz KRIS. Paske lè sitiyasyon vle fè li
fèb, se lè sa li gen plis fòs (2 Korentyen 12 :10).
BONDYE pwomèt nou pou Li renouvle
fòs nou paske se nan Li nou mete konfyans nou (Ezayi 40 :31). Li p’ap kite
anyen ki twòp pou nou rive sou wout nou (1 Korentyen 10 :13).
Se vre li pi fasil pou nou
janti ak moun lè sa bon. Men, sonje byen, nou ka gen bon atitid menm nan
move moman (Matye 5:20, 43-48).
Chant du mois: # 11 Kreyòl MJ (Li ban nou plis gras); #71 kreyol EE (Kenbe fèm travay n'ap fè pou JEZI KRI)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com