«
La femme de Lot regarda en arrière et
elle devint une statue de sel. »
(Genèse 19:26 ) Bible Louis Segond
«
Madan Lo vire gade dèyè, la menm li
tounen yon gwo estati sèl.»
(Jenèz 19:26 ) Bible Société Biblique Haitïene
.........................................................................................................................................
Èske
w konsantre w sou demen
oubyen
sou sa ki fin pase ?
Kèlkeswa jan yè te ye pou ou, si se sou li ou
konsantre w, ou p’ap kontinye avanse. Paske : 10) si li te bon
pou ou, ou pral kontanple li san w pa fè jefò pou w reyalize pi plis ; 20) si
li pa te bon pou ou, ou ka kite li dekouraje
w epi panse pa gen lespwa pou ou ankò (Filipyen 3:13-14 ; Jenèz
19 :26).
Ou gen lè vle vire gade dèyè ? Kisa w sonje konsa? Plezi ? Avantaj-fo-mamit ki dire yon ti bout tan ? Relasyon ? Moun ki vle antre nan Wayòm BONDYE a pa dwe vire gade dèyè; se devan yo dwe gade (Lik 9:62). Lè w fin pran yon desisyon pou w pwogrese, pa nan gad dèyè.

Lè w ap mache epi w ap vire gade dèyè, ou ka
frape tèt ou nan yon mi oswa nan nenpòt ki obstak. Ou pa ka konsantre w sou de (2) bagay
an menm tan. Ou pa ka sèvi
de (2) mèt an menm tan. Ou pa ka fè BONDYE plezi si w
pa vle obeyi Li menm nan moman w pa
konprann pou kisa . Lè BONDYE pale avè w, se pou w di AMÈN !!!
Chant du mois: # 78 Kè Kreyòl Chants d'Espérance (Mwen te deside / Pou m suiv Leseyè / Mwen p'ap tounen)
Chant du mois: # 78 Kè Kreyòl Chants d'Espérance (Mwen te deside / Pou m suiv Leseyè / Mwen p'ap tounen)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com