samedi 10 mars 2012

Verset du mois de mars 2012

« Celui qui est fidèle dans les moindres choses l’est aussi dans les grandes, et celui qui est injuste dans les moindres choses l’est aussi dans les grandes. »  
(Luc 16:10) Bible Louis Segond
...........................................................................................................................................
 « Moun ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l’a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p’ap serye nan gwo bagay nonplis. » 
 (Lik 16:10) Bible Société Biblique Haitïenne
 ..........................................................................................................................................
 Èske w se yon moun yo ka fè konfyans ? 
 Ou pa janm tande moun ki di w « sa pa anyen monchè !», « degaje pa peche», « se ou k’ pi bon ? » ? Ou pa janm jwenn moun ki kwè nan « bay ti manti » , « se nòmal pou w defann tèt ou »? Pafwa yo menm pran yon vèsè yo mal entèprete (Eklezyas 7 :16-17) pou yo defann tèt yo. (Li : 1 Tim 4:6 ; Jak 5:12 ; Filipyen 2:4, 21) 

Men, kesyon nou dwe poze tèt nou se : Eske yo ka fè nou konfyans ? Nan kòmantè yo fè nan Bib NIV (Zondervan NIV Study Bible, 2002, p.1604), yo di: “ Yo pa mezire fidelite dapre kantite yo konfye yon moun, men dapre karaktè moun k’ap itilize bagay la.” 

 Fè yon ti panse sou sa epi reponn kesyon sa yo: Eske w fidèl nan travay BONDYE a, nan travay w ap fè, nan responsablite w genyen, nan jan w ap jere lavi w ? Eske w toujou bezwen yon sipèvizè? Eske w gen pèseverans nan travay ou ? (Lik 16:10-12)  

Sonje byen : BONDYE va ba moun ki fidèl nan byen jere ti bout vi yo gen sou tè sa a yon lavi ki p’ap janm fini.
Chant du mois: # 194 français Chants d'Espérance (Jésus te confie / une oeuvre d'amour)


2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com