vendredi 10 février 2012

Verset du mois de fevrier 2012


« Celui qui cultive son champ est rassasié de pain, Mais celui qui poursuit des choses vaines est rassasié de pauvreté.»             
                                     (Proverbes 28:19) Bible Louis Segond
...........................................................................................................................................
«Yon moun ki travay di nan jaden l ap jwenn kont manje pou l manje. Men, moun k’ap fè bagay ki p’ap sèvi anyen ap toujou pòv. » 
                             (Pwovèb 28:19) Bible Société Biblique Haitienne
 ............................................................................................................................................................................
Èske w konsantre w sou travay pa w ?
       Poukisa yon moun bezwen gen yon jaden si li p’ap travay ladan li ? Si li p’ap travay li, poukisa li pa bay yon lòt moun travay li pou li ? Yo te ka separe rekòt la, pa vre ?

       Men, BONDYE  konfye chak moun jaden pa yo (1 Kor 12; 1 Kor 7 :7). Ou pa ka bay yon lòt moun travay jaden pa w la pou ou. Pòl te konnen kisa ki travay pa li. Li pa t’ kite travay pa li a san fèt pou li eseye fè sa ki pa travay pa li (1Kor 1 :17). Yon bon egzanp, pa vre ?

Lavi w tou se yon jaden. Ou panse yon lòt moun pral  aksepte viv lavi w pou ou ?

       Jaden pa vle rete san yo pa travay yo. Si nou pa plante bon fwi, move zèb ap anvayi  yo nèt. Epi tou, se nan aprann jere ti jaden pou nou ka konn kòman pou nou jere gwo jaden (Lik 19 :27 ; Lik 16 :1-15).

       Lè w travay  jaden pa w, fwi travay la ap itil  ou epi l’ap itil  lòt moun tou. Paske nou tout p’ap plante menm fwi nan jaden nou. Men, nou ka benefisye travay lòt moun, manje fwi ki soti nan jaden yo (1 Pyè 4:10). Pou sa fèt, chak moun dwe konsantre yo sou jaden pa yo, pa vre? 
Chant du mois: # 38 français Echos des Elus (Je vous envoie travailler sans relache)


2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com