dimanche 1 juillet 2012

Verset du mois de juillet 2012

« Considère (…) la bonté et la sévérité de Dieu : sévérité envers ceux qui sont tombés, et bonté de Dieu envers toi, si tu demeures ferme dans cette bonté ; autrement, tu seras aussi retranché. »
                       (Romains 11:22) Bible Louis Segond
………………………………………………………………….............
« (…) Nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, y’ap koupe w tankou lòt branch yo. »  
                (Women 11:22) Bible Société Biblique Haitïenne

               Kòman w ye nan lanmou ak gras BONDYE ?

Kòman fè pa gen moun ki ta renmen yo pran yo pou egare epi gen moun ki panse BONDYE se egare ? Ou kwè BONDYE  bon  anpil ? Ou gen rezon, paske se vre  e  se youn nan karakteristik  BONDYE.

BONDYE fidèl (2 Tim 2 :13) ; Li gen mizerikòd  ak  konpasyon (Jer 33 :11 ; Sòm 145 :8) ; Li bon (Sòm 100 :5 ; Lamantasyon 3 :22-25), etc.

Men, an menm tan tou, BONDYE se yon BONDYE ki  jalou  e ki pa pataje glwa  Li  ak  pèsonn (Egzòd 34 :14) ; Li sen, Li pa tolere malpwòpte (Ezayi 6 :3 ; 1 Pyè 1:16) ; Li  jije avèk  jistis, Li pa gen patipri (2 Tim 4 :8 ; Sòm 111 :3 ; Travay 10 :34-35) ; Li se yon BONDYE terib, nou dwe gen anpil krentif pou Li (Ebre 12 :28-29 ; 2 Kwonik 19 :7 ; Sòm 33 :8).

Tout moun ki pa ta renmen pèdi  lanmou  ak  gras BONDYE gen pou yo dwe aksepte epi rete nan lanmou ak gras BONDYE (Women 9-11; Lik 13:3 ; Rev 3:11)

Chant du mois: # 277 français CE (Sans un Dieu puissant pour Père)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com