samedi 10 décembre 2011

Verset du mois de décembre 2011

« Si tu cours avec des piétons et qu’ils te fatiguent, Comment pourras-tu lutter avec des chevaux? Et si tu ne te crois en sûreté que dans une contrée paisible, Que feras-tu sur les rives orgueilleuses du Jourdain ? »
                                         (Jérémie 12:5) Bible Louis Segond
 ......................................................................................................................................
« Si ou pèdi souf lè w ap kouri ak moun, ki jan ou ka fè kouri ak chwal? Si kè ou pa poze lè tout bagay ap mache byen, si se lè peyi a pa an danje ou gen kè poze, kisa w a fè lè larivyè Jouden an ap desann? »     
                                 (Jeremi 12:5) Bible Société Biblique Haïtienne
........................................................................................................................................
                                         Ki kantite kouray ou genyen ? 
Pafwa  nan lavi, nou konn ap travèse kèk  moman ki pouse nou poze anpil kesyon : nou poze tèt nou kesyon, nou poze lòt moun kesyon, e nou menm rive poze BONDYE kesyon. 

Ou kwè se sitiyasyon an ki dwe chanje, pa vre? Men, kisa  w ap fè si sitiyasyon an ta  vin pi mal ? Èske w ap toujou kenbe lafwa ? (Li 1 Pyè  5 :9; 2 Tim 3:2; Women 8 :35-39; 1 Pyè 4 : 12-14). 

Ou vle grandi ? Ou vle vin pi djanm ? Enben, poukisa w ap kouri pou obstak, difikilte ak traka ki vini pou ede w pran matirite? Si w pa ka travèse etap ou ye a, kòman w ap fè pase nan yon nivo ki pi wo ? 

Batay la poko fini. Toutan w vivan, fè jefò pou w avanse paske gen lòt nivo toujou. Fòk  ou ka di yon lè menm jan ak apot Pòl : « Mwen te goumen byen goumen. Mwen fini kous la. Mwen te kenbe lafwa. » (Li 2 Kor 4:8 ; 2 Tim 4:7)
Chant du mois: # 141 français Chants d’Esp. (A Jésus je m'abandonne)


2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

lundi 1 août 2011

Verset du mois d’août 2011

« S’il a émoussé le fer, et s’il n’en a pas aiguisé le tranchant, il devra redoubler de force; mais la sagesse a l’avantage du succès.» 
                    (Ecclésiaste 10:10) Bible Louis Segond
 ..................................................................................................
« Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l, ou gen pou travay pi rèd lè w’ap sèvi avè l. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w’ap fè. » 
              (Eklezyas 10:10) Bible Société Biblique Haïtienne
 ..................................................................................................
Èske w file rach ou ?
        Yon rach se yon zouti yo itilize pou koupe bwa. Lè li byen file, ou koupe  bwa pi vit epi ak plis fasilite; ou fè yon travay ki gen pi bon kalite. Men, e si rach la pa byen file? Si li pa byen file, ou depanse enèji ou pa t’ bezwen depanse, enèji ou te ka itilize pou fè plis travay. “Si rach ou pa file, ou gen pou travay pi rèd lè w’ap sèvi avè l ” (Eklezyas 10:10).
        Èske w konn ki zouti ou bezwen pou w fè travay ou gen pou w fè a avèk  efikasite ? Èske w file yo chak  jou pou yo ka bay yon pi bon travay ? (2 Tim 1:6 ; 1 Tesalonisyen 4:1)
        Gen yon pyebwa  an Azi yo rele banbou  jeyan*. Moun ki  vle kiltive pyebwa sa a oblije wouze  epi ba grenn nan angrè chak  jou pandan kat (4) lane  anvan li pete tè a – sitèlman grenn sa a di. Sou senkyèm ane a, pyebwa a parèt. Men yon fwa li fin parèt anlè tè a, li ka grandi rapid konsa: soti 4 pye nan yon sèl jounen pou rive nan yon wotè 90 pye nan mwens pase yon mwa. (*Les Brown, in Live Your Dream, pp.220-1)
        Èske w vle grandi toujou? Èske w pran tan pou w file zouti w, wouze, mete angrè…prepare w chak  jou ? Sa mande disiplin, pa vre ?

Chant du mois: # 328 français Chants d’Esp. (Chaque jour de ma vie)


2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

samedi 2 juillet 2011

Verset du mois de juillet 2011


« Jésus leur adressa une parabole, pour montrer qu’il faut toujours prier, et ne point se relâcher. »   
                             (Luc 18:1) Bible Louis Segond
 ...............................................................................................
« Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te montre yo nesesite pou yo toujou priye san yo pa janm dekouraje. » 
                   (Lik 18:1) Bible Société Biblique Haïtienne
 ...............................................................................................
Nesesite pou nou toujou priye

       Konbyen fwa w ka priye pou yon menm bagay ? 2 fwa ? 3 fwa ? 5 fwa ? Epi, kan w wè repons poko vini, ou bay vag, pa vre ? Kilè w ap sispann bay vag ? Lè w mouri ?
       JEZI, ki se modèl  nou, di nou : “Se yon nesesite pou nou toujou priye san nou PA JANM DEKOURAJE”(Lik 18:1). Nan jaden Jetsemane a, JEZI priye plizyè fwa pou menm bagay la jiskaske Papa a reponn li (Mak 14 :32-41). [Pafwa] apot Pòl  tou te konn priye  plizyè fwa anvan li jwenn yon repons nan men BONDYE (2 Korentyen 12:7-9).
       Menm nan Ansyen Testaman an, sèvitè BONDYE  te konn priye  jiskaske yo jwenn yon repons. Men kèk  egzanp : Eli (1 Wa 18:41-46) ; Án (1 Samyèl 1) ; Danyèl (Danyèl 9).
       Si JEZI ak  tout sèvitè sa yo te aksepte priye jiskaske BONDYE reponn yo, e ou menm ? Poukisa w pa fè menm jan avè yo ? Kontrèman a sa anpil moun ta panse, priye  jiskaske BONDYE reponn ou se yon siy ki montre w gen lafwa (Lik 18:6-8). Epi sa mnde disiplin, pa vre?

Chant du mois: # 157 français Chants d'Espérance (Veille au matin)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

 



vendredi 3 juin 2011

Verset du mois de juin 2011

« Ne vous y trompez pas: on ne se moque pas de Dieu. Ce qu’un homme aura semé, il le moissonnera aussi. » (Galates 6:7) Bible Louis Segond
   ...........................................................................................................................
« Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. »  (Galat 6:7) Bible Société Biblique Haïtienne
   ............................................................................................................................
Ki semans nou ka simen ?
          Se BONDYE  ki kreye  moun, tè a, syèl  la, lanati , linivè, ak tout sa ki ladan yo. Menm BONDYE sa a bay prensip pou yo byen fonksyone epi bay bon  jan rezilta. Moun pa ka  vyole  prensip (oubyen lwa) sa yo epi panse pa gen okenn konsekans.
          Yonn nan prensip BONDYE  etabli  se “Semans-Rekòt”. “Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte”(Galat 6:7). Men, kisa yon moun ka simen?
          Yon moun ka simen: 1) Pawòl BONDYE  a ki se bòn nouvèl Wayòm nan. Kòm rezilta : moun ap  jwenn salu, konsolasyon ak  libète pou nanm yo. Y’ap rekonsilye ak BONDYE. 2) Lajwa. Rezilta: lasante (Prov 17:22;15:13); tristès, amètim. Rezilta : twoub, kontaminasyon (maladi), dezolasyon (Ebre 12:15b), lanmò (2 Kor 7:10).
3) Parès spirityèl , fizik  , entèlektyèl , etc., mòde-lage, iresponsabilite, endisiplin. Rezilta: povrete, echèk , esklavaj, fristrasyon (Pwov 6:10-11); dilijans, disiplin. Rezilta: richès, satisfaksyon (Pwov 10:4; 12:11, 24, 27).
4) Ou ka simen lafwa oubyen enkredilite; obeyisans oubyen rebelyon; jistis oubyen enjistis ak  pati-pri; imilite oubyen ògèy; konesans oubyen inyorans; sajès  oubyen foli; tan, don ak talan w; resous ou genyen; pasyans ouben kòlè; rekonsilyasyon oubyen divizyon; lapè oubyen lagè; etc. (Li:Ebre 3:19; 4:6; Oze 8:7; Job 4:8)
          Se nou ki pou chwazi ki semans n’ap simen. E sa mande disiplin ak matirite, pa vre?
Chant du mois: # 30 français La Voix du Réveil (Le jour de la moisson viendra)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

 

dimanche 1 mai 2011

Verset du mois de mai 2011

« Celui qui fournit la semence au semeur, Et du pain pour sa nourriture, vous fournira et vous multipliera la semence, et il augmentera les fruitsde votre justice. » 
                              (2 Corinthiens 9:10) Bible Louis Segond
 .............................................................................................................................
« Bondye ki bay moun k’ap simen an grenn pou l simen ak pen pou l
manje, l’a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L’a fè l pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. »     
                      2 Korentyen 9:10) Bible Société Biblique Haïtienne
 .............................................................................................................................

           Si w te gen semans, kisa w t’ap fè avè l’ ? Nou sipoze ou t’ap simen l’,pa vre ? E si w ta gen anpil semans, kisa w t’ap fè avè l’ ? Nou sipozeou t’ap simen anpil, pa vre ?  E kòm rezilta ? Anpil rekòt (2 Korentyen 9:6).
          Èske w simen tout semans ki nan men w yo deja? Gen yon sèl fason pou semans lan  miltipliye : se simen l’. Nan parabòl  moun ki t’ap simen an, JEZI rakonte: yon grenn bay 100, yon  lòt 60, yon lòt 30 (Matye 13:4-8). Ka  genyen  ki tonbe nan mitan  wòch ak  pikan, se vre.
Men, yon sèl grenn ki tonbe nan bon tè ka bay gwo, gwo rezilta. Dayè, se BONDYE ki konn nan ki tè semans lan ap tonbe ; wòl pa nou se simen.
          Nan 2 Korentyen 9:10, pawòl  la di BONDYE bay moun k’ap simen an grenn pou l’ simen. Si nou bezwen BONDYE fè grenn nan miltipliye, nou dwe simen l’. Se pa Bondyen ki pral simen grenn nan pou nou; li sèlman bay grenn nan. Se nou k’ap deside simen l’. Sa mande disiplin, pa vre ? Ki semans (grenn) ou genyen nan men w?

Chant du mois: # 226 français CE (Semons dès l'aurore)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

samedi 2 avril 2011

Verset du mois d'avril 2011


« Dès le matin, répands ta semence et, jusqu’au soir, n’accorde pas de repos à ta main, car tu ne sais pas qui va réussir, si une chose ou une autre, ou bien les deux, seront un succès. »  ( Ecclésiaste 11:6) Bible du Semeur
 .....................................................................................................................................
« Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p’ap pran, si tou de p’ap bay menm rannman. »     (Eklezyas 11:6) Bible Société Biblique Haïtienne
......................................................................................................................................

Nan vèsè mwa mas la (Jenèz 8:32), nou te pale sou Lwa Semans-Rekòt la ki di: TOU SA W PLANTE AP BAY YON REKÒT. Men, pou toujou gen rekòt, kisa nou dwe fè? Pou toujou gen rekòt, nou dwe KONTINYE  PLANTE. “Kontinye simen semans ou an, paske ou pa janm konnen kilès ladan yo k’ap grandi – pètèt yo tout ap grandi.” (Eklezyas 11:6, The Living Bible).
          Kilè nou dwe plante ? Nou dwe plante toutan : nan bon tan, nan move tan. Poukisa ? Paske  wòl pa nou se plante epi awoze. Moun ki ap fè semans lan leve, grandi epi pote fwi, se BONDYE (1 Korentyen 3:6-7).
          Se poutèt sa, nou bezwen disipline tèt nou pou nou kontinye plante regilyèman (Lwa Konsistans) epi pran swen  jaden  an si nou vle travay n’ap fè a pote tout fwi li kapab pote. Si se pa sa, raje ap toufe plant yo. (2 Korentyen 9:6 ; Pwovèb 18:9 ; Matye 24:45-46) 
 
Chant du mois: # 226 français CE (Semons dès l'aurore)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

samedi 5 mars 2011

Verset du mois de mars 2011

« Tant que la terre subsistera, les semailles et la moisson, le froid et la chaleur, l’été et l’hiver, le jour et la nuit ne cesseront point.                   
(Genèse 8:22) Bible Louis Segond
 .........................................................................................................................................
« Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p’ap janm sispann. »  
 (Jenèz 8:22) Bible SBH
.........................................................................................................................................

             Kisa ki ba yon kiltivatè fòs  ak  kouray pou li prepare chan an (moso tè a), simen yon semans oswa plante yon pye-bwa ? Kisa ki fè li aksepte travay menm anba chalè oswa fredi ? Kisa ki  fè li pa bay vag menm lè foumi  oswa kèk  lòt ensèk ta mòde l’?
            Li fè tout sa paske li gen espwa ap gen yon rekòt. Li senpleman respekte epi aplike yon prensip, yon lwa. Lwa sa a se Lwa Semans – Rekòt (Jenèz 8:22; Eklezyas 3:2). Kisa lwa natirèl sa a (se yon lwa espirityèl li ye tou) di?
            Lwa SEMANS-REKÒT la di: TOU  Sa  W  PLANTE  AP  BAY  YON REKÒT – byen oswa mal. (Jak  2:23; Job 4:8 ; 2 Korentyen 9:6 ; Galat 6:8; Matye 26:52; Matye 6:14 ; Oze 8:7; Pwovèb 15:1).
            Nou dwe deside ki rekòt nou vle rekòlte, ki fwi nou vle pwodui. Apre sa, nou dwe disipline tèt nou pou nou simen sèlman semans ki ka bay fwi  nou ap tann nan. Ki semans w ap plante nan lespri w ? ( Pwovèb 4: 23 ; Matye 12:34 ; Women 10:17; Filipyen 4:8 ; Jenèz 4:7). Ki  semans w ap simen pou 10 pwochen  lane nan lavi w ?

Chant du mois: # 242 français CE (Le temps est court pour accomplir la tâche)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

samedi 5 février 2011

Verset du mois de février 2011

« Celui qui se relâche dans son travail est frère de celui qui détruit.»  
                          (Proverbes 18:9) Bible Louis Segond
        ........................................................................................................
« Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak  moun k’ap defèt sa k’ap fèt.»  
                     (Pwovèb 18:9) Bible Société Biblique Haïtienne
        ........................................................................................................
          Èske w te fè yon bilan sou lavi w [an jeneral ] e sitou sou lavi ak BONDYE (jan  nou te konseye  w fè sa nan vèsè mwa  janvye 2011 la) ? (Li 2 Korentyen 13:5).
          Yon bilan ap ede w :1) wè ki kote w te ye ; 2) wè ki kote w ye ; 3) mezire pwogrè w fè ; 4) wè pwogrè w te ka fè epi sonje w ka avanse toujou ; 5) wè si w sou wout  ki mennen kote  w vle rive a. Si w pa sou wout sa a, kisa w bezwen fè ? Ou bezwen DESIDE pran yon lòt wout , wout  k’ap ede rive a, epi fè sa vit. (Sòm 139:24 ; Pwovèb 22:3; Filipyen 3:13-14).
          Pa bliye, premye  travay  BONDYE  bay fè se byen jere pwòp tèt pa w. (Women 14:12; Galat 6:4). Pou w pa detwi  pwòp  tèt pa w, pou w pa sèvi obstak pou pwogrè pwòp tèt ou (nan nenpòt domèn: espirityèl, entèlektyèl, finans (lajan), familyal, pwofesyonèl, etc.), ou dwe kontinye travay regilyèman. Se poutèt sa, ou dwe disipline tèt ou.
          Èske w ap kite parès, endisiplin, dekourajman ak  distraksyon, bloke w pou w pa pwogrese? (Pwov. 18:9; Ebre 10:35-39)  Kenbe fèm. Kontinye avanse. 

Chant du mois: # 194 français Chants d’Espérance (Jésus te confie / Une œuvre d’amour)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)

samedi 8 janvier 2011

Verset du mois de janvier 2011

« Prenez garde à vous-mêmes, afin que vous ne perdiez pas le fruit  de votre travail, mais que vous receviez une pleine récompense. » 
                              (2 Jean v 8) Bible Louis Segond

         ....…………………………………………………………

« Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. »
                    (2 Jan v 8) Bible Société Biblique Haïtienne

         ……………………………………………………………

          Kilè w ap fè yon bilan sou lavi w [an jeneral ], e sitou lavi w ak BONDYE ? (2 Korentyen 13:5) Kòman lavi w ye? Pa bliye BONDYE ba w responsablite pou w jere lavi w (Matye 12:36; Women 14:12; Gal 6:4-5; 1 Korentyen 3:16-18; Ebre 9:27). Kòman travay BONDYE  ba w fè a ye? (Kolosyen 4:17; 2 Tim 4:5)
          BONDYE ban nou responsablite pou nou veye sou pwòp tèt nou (2 Jan v 8). Poukisa ? 1) Pou nou sèten nou rete nan doktrin (prensip, wout) KRIS te kite pou nou ka jwenn  epi  rete  ak PAPA  a ; 2) Pou nou pa pèdi benefis (fwi, rekonpans) travay nou an.
          Si se pa sa, nou ka : a) fè kòve ; b) dekouraje, sispann travay, pèdi lafwa epi abandone kous la.
          Se poutèt sa, ann disipline tèt nou  pou nou kontinye viv jan BONDYE vle a epi  fè travay nou gen pou nou fè (Pov.18:9; Eklezyas 9:10; 2 Jan v 8). Kenbe fèm. Kontinye avanse.

Chant du mois: # 38 français Echos des Elus (Je vous envoie travailler sans relâche)

Tèm ane 2011 la: Ane Pou w Disipline Tèt Ou.


J. Jonas LOUISAIRE
Boîte Postale 11060, Port-au-Prince, Haïti