samedi 5 mars 2011

Verset du mois de mars 2011

« Tant que la terre subsistera, les semailles et la moisson, le froid et la chaleur, l’été et l’hiver, le jour et la nuit ne cesseront point.                   
(Genèse 8:22) Bible Louis Segond
 .........................................................................................................................................
« Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p’ap janm sispann. »  
 (Jenèz 8:22) Bible SBH
.........................................................................................................................................

             Kisa ki ba yon kiltivatè fòs  ak  kouray pou li prepare chan an (moso tè a), simen yon semans oswa plante yon pye-bwa ? Kisa ki fè li aksepte travay menm anba chalè oswa fredi ? Kisa ki  fè li pa bay vag menm lè foumi  oswa kèk  lòt ensèk ta mòde l’?
            Li fè tout sa paske li gen espwa ap gen yon rekòt. Li senpleman respekte epi aplike yon prensip, yon lwa. Lwa sa a se Lwa Semans – Rekòt (Jenèz 8:22; Eklezyas 3:2). Kisa lwa natirèl sa a (se yon lwa espirityèl li ye tou) di?
            Lwa SEMANS-REKÒT la di: TOU  Sa  W  PLANTE  AP  BAY  YON REKÒT – byen oswa mal. (Jak  2:23; Job 4:8 ; 2 Korentyen 9:6 ; Galat 6:8; Matye 26:52; Matye 6:14 ; Oze 8:7; Pwovèb 15:1).
            Nou dwe deside ki rekòt nou vle rekòlte, ki fwi nou vle pwodui. Apre sa, nou dwe disipline tèt nou pou nou simen sèlman semans ki ka bay fwi  nou ap tann nan. Ki semans w ap plante nan lespri w ? ( Pwovèb 4: 23 ; Matye 12:34 ; Women 10:17; Filipyen 4:8 ; Jenèz 4:7). Ki  semans w ap simen pou 10 pwochen  lane nan lavi w ?

Chant du mois: # 242 français CE (Le temps est court pour accomplir la tâche)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com