samedi 5 février 2011

Verset du mois de février 2011

« Celui qui se relâche dans son travail est frère de celui qui détruit.»  
                          (Proverbes 18:9) Bible Louis Segond
        ........................................................................................................
« Moun ki parese nan travay li se menmman parèyman ak  moun k’ap defèt sa k’ap fèt.»  
                     (Pwovèb 18:9) Bible Société Biblique Haïtienne
        ........................................................................................................
          Èske w te fè yon bilan sou lavi w [an jeneral ] e sitou sou lavi ak BONDYE (jan  nou te konseye  w fè sa nan vèsè mwa  janvye 2011 la) ? (Li 2 Korentyen 13:5).
          Yon bilan ap ede w :1) wè ki kote w te ye ; 2) wè ki kote w ye ; 3) mezire pwogrè w fè ; 4) wè pwogrè w te ka fè epi sonje w ka avanse toujou ; 5) wè si w sou wout  ki mennen kote  w vle rive a. Si w pa sou wout sa a, kisa w bezwen fè ? Ou bezwen DESIDE pran yon lòt wout , wout  k’ap ede rive a, epi fè sa vit. (Sòm 139:24 ; Pwovèb 22:3; Filipyen 3:13-14).
          Pa bliye, premye  travay  BONDYE  bay fè se byen jere pwòp tèt pa w. (Women 14:12; Galat 6:4). Pou w pa detwi  pwòp  tèt pa w, pou w pa sèvi obstak pou pwogrè pwòp tèt ou (nan nenpòt domèn: espirityèl, entèlektyèl, finans (lajan), familyal, pwofesyonèl, etc.), ou dwe kontinye travay regilyèman. Se poutèt sa, ou dwe disipline tèt ou.
          Èske w ap kite parès, endisiplin, dekourajman ak  distraksyon, bloke w pou w pa pwogrese? (Pwov. 18:9; Ebre 10:35-39)  Kenbe fèm. Kontinye avanse. 

Chant du mois: # 194 français Chants d’Espérance (Jésus te confie / Une œuvre d’amour)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)