« Prenez garde à vous-mêmes, afin que vous ne perdiez pas le fruit de votre travail, mais que vous receviez une pleine récompense. »
(2 Jean v 8) Bible Louis Segond
....…………………………………………………………
« Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou. »
(2 Jan v 8) Bible Société Biblique Haïtienne
……………………………………………………………
Kilè w ap fè yon bilan sou lavi w [an jeneral ], e sitou lavi w ak BONDYE ? (2 Korentyen 13:5) Kòman lavi w ye? Pa bliye BONDYE ba w responsablite pou w jere lavi w (Matye 12:36; Women 14:12; Gal 6:4-5; 1 Korentyen 3:16-18; Ebre 9:27). Kòman travay BONDYE ba w fè a ye? (Kolosyen 4:17; 2 Tim 4:5)
BONDYE ban nou responsablite pou nou veye sou pwòp tèt nou (2 Jan v 8). Poukisa ? 1) Pou nou sèten nou rete nan doktrin (prensip, wout) KRIS te kite pou nou ka jwenn epi rete ak PAPA a ; 2) Pou nou pa pèdi benefis (fwi, rekonpans) travay nou an.
Si se pa sa, nou ka : a) fè kòve ; b) dekouraje, sispann travay, pèdi lafwa epi abandone kous la.
Se poutèt sa, ann disipline tèt nou pou nou kontinye viv jan BONDYE vle a epi fè travay nou gen pou nou fè (Pov.18:9; Eklezyas 9:10; 2 Jan v 8). Kenbe fèm. Kontinye avanse.
Chant du mois: # 38 français Echos des Elus (Je vous envoie travailler sans relâche)
Tèm ane 2011 la: Ane Pou w Disipline Tèt Ou.
J. Jonas LOUISAIRE
Boîte Postale 11060, Port-au-Prince, Haïti