« Je t’avais plantée comme une vigne excellente Et du meilleur plant; Comment as-tu changé, Dégénéré en une vigne étrangère ? »
(Jérémie 2:21) Bible Louis Segond
.......................................................................................................
« Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki sòti nan bon semans. Men kounyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M pa konnen kote ou sòti. »
(Jeremi 2:21) Bible Société Biblique Haïtienne
........................................................................................................
Kote premye lanmou w te gen pou BONDYE a ? Kote zèl ak devouman w te gen pou travay BONDYE a pase ? Kote kontra w te gen ak BONDYE a ? Ou kwè se ou ki te di ou dakò. Ou bliye ?
Kilès ou panse ki te plante premye lanmou sa a nan kè w ? (Li Filipyen 2:13 ; Revelasyon 2:4-5) Se BONDYE ki te plante l. E ou menm, ki travay pa w ?
Travay pa w se :
1) Pa vire do bay BONDYE. Sa vle di: pa neglije pawòl BONDYE epi fè tout sa BONDYE di w fè. Se BONDYE ki sous la; se li ki pou nouri w. 2) Pa manje manje bliye. Ou pa dwe gen memwa kout. Ou pa dwe retounen an Ejip ki se senbòl : zidòl, konvwatiz, plezi nan move kondisyon, enfidelite, peche, malpwòpte, pwostitisyon, etc. 3) Rekonèt BONDYE kòm sèl MÈT ou. Lè w obeyi BONDYE ak pawòl li, ou dakò BONDYE gen otorite sou lavi w. E lè w pa obeyi BONDYE, kisa w vle di?
Kilès ki Mèt ou ? (Li Ezayi 1:3) Kilès ou obeyi ? Kisa ou fè ak gras BONDYE a ? Ki fwi w bay kòm “pye rezen” ?
P.S. Pou pi byen konprann, m ankouraje nou li tout chapit 2 a (Jeremi)
Chant du mois: # 118 créole CE (Mwen te chwazi nèt pou toujou)
JonasLOUISAIRE
Motivateur