samedi 2 avril 2011

Verset du mois d'avril 2011


« Dès le matin, répands ta semence et, jusqu’au soir, n’accorde pas de repos à ta main, car tu ne sais pas qui va réussir, si une chose ou une autre, ou bien les deux, seront un succès. »  ( Ecclésiaste 11:6) Bible du Semeur
 .....................................................................................................................................
« Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p’ap pran, si tou de p’ap bay menm rannman. »     (Eklezyas 11:6) Bible Société Biblique Haïtienne
......................................................................................................................................

Nan vèsè mwa mas la (Jenèz 8:32), nou te pale sou Lwa Semans-Rekòt la ki di: TOU SA W PLANTE AP BAY YON REKÒT. Men, pou toujou gen rekòt, kisa nou dwe fè? Pou toujou gen rekòt, nou dwe KONTINYE  PLANTE. “Kontinye simen semans ou an, paske ou pa janm konnen kilès ladan yo k’ap grandi – pètèt yo tout ap grandi.” (Eklezyas 11:6, The Living Bible).
          Kilè nou dwe plante ? Nou dwe plante toutan : nan bon tan, nan move tan. Poukisa ? Paske  wòl pa nou se plante epi awoze. Moun ki ap fè semans lan leve, grandi epi pote fwi, se BONDYE (1 Korentyen 3:6-7).
          Se poutèt sa, nou bezwen disipline tèt nou pou nou kontinye plante regilyèman (Lwa Konsistans) epi pran swen  jaden  an si nou vle travay n’ap fè a pote tout fwi li kapab pote. Si se pa sa, raje ap toufe plant yo. (2 Korentyen 9:6 ; Pwovèb 18:9 ; Matye 24:45-46) 
 
Chant du mois: # 226 français CE (Semons dès l'aurore)

2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com