lundi 1 août 2011

Verset du mois d’août 2011

« S’il a émoussé le fer, et s’il n’en a pas aiguisé le tranchant, il devra redoubler de force; mais la sagesse a l’avantage du succès.» 
                    (Ecclésiaste 10:10) Bible Louis Segond
 ..................................................................................................
« Si dan rach ou pa koupe, si ou pa file l, ou gen pou travay pi rèd lè w’ap sèvi avè l. Men bon konprann ap fè ou reyisi nan sa w’ap fè. » 
              (Eklezyas 10:10) Bible Société Biblique Haïtienne
 ..................................................................................................
Èske w file rach ou ?
        Yon rach se yon zouti yo itilize pou koupe bwa. Lè li byen file, ou koupe  bwa pi vit epi ak plis fasilite; ou fè yon travay ki gen pi bon kalite. Men, e si rach la pa byen file? Si li pa byen file, ou depanse enèji ou pa t’ bezwen depanse, enèji ou te ka itilize pou fè plis travay. “Si rach ou pa file, ou gen pou travay pi rèd lè w’ap sèvi avè l ” (Eklezyas 10:10).
        Èske w konn ki zouti ou bezwen pou w fè travay ou gen pou w fè a avèk  efikasite ? Èske w file yo chak  jou pou yo ka bay yon pi bon travay ? (2 Tim 1:6 ; 1 Tesalonisyen 4:1)
        Gen yon pyebwa  an Azi yo rele banbou  jeyan*. Moun ki  vle kiltive pyebwa sa a oblije wouze  epi ba grenn nan angrè chak  jou pandan kat (4) lane  anvan li pete tè a – sitèlman grenn sa a di. Sou senkyèm ane a, pyebwa a parèt. Men yon fwa li fin parèt anlè tè a, li ka grandi rapid konsa: soti 4 pye nan yon sèl jounen pou rive nan yon wotè 90 pye nan mwens pase yon mwa. (*Les Brown, in Live Your Dream, pp.220-1)
        Èske w vle grandi toujou? Èske w pran tan pou w file zouti w, wouze, mete angrè…prepare w chak  jou ? Sa mande disiplin, pa vre ?

Chant du mois: # 328 français Chants d’Esp. (Chaque jour de ma vie)


2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.

J. Jonas LOUISAIRE

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com