« Jésus leur adressa une parabole, pour montrer qu’il faut toujours prier, et ne point se relâcher. »
(Luc 18:1) Bible Louis Segond
...............................................................................................
« Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l te montre yo nesesite pou yo toujou priye san yo pa janm dekouraje. »
(Lik 18:1) Bible Société Biblique Haïtienne
...............................................................................................
Nesesite pou nou toujou priye
Konbyen fwa w ka priye pou yon menm bagay ? 2 fwa ? 3 fwa ? 5 fwa ? Epi, kan w wè repons poko vini, ou bay vag, pa vre ? Kilè w ap sispann bay vag ? Lè w mouri ?
JEZI, ki se modèl nou, di nou : “Se yon nesesite pou nou toujou priye san nou PA JANM DEKOURAJE”(Lik 18:1). Nan jaden Jetsemane a, JEZI priye plizyè fwa pou menm bagay la jiskaske Papa a reponn li (Mak 14 :32-41). [Pafwa] apot Pòl tou te konn priye plizyè fwa anvan li jwenn yon repons nan men BONDYE (2 Korentyen 12:7-9).
Menm nan Ansyen Testaman an, sèvitè BONDYE te konn priye jiskaske yo jwenn yon repons. Men kèk egzanp : Eli (1 Wa 18:41-46) ; Án (1 Samyèl 1) ; Danyèl (Danyèl 9).
Si JEZI ak tout sèvitè sa yo te aksepte priye jiskaske BONDYE reponn yo, e ou menm ? Poukisa w pa fè menm jan avè yo ? Kontrèman a sa anpil moun ta panse, priye jiskaske BONDYE reponn ou se yon siy ki montre w gen lafwa (Lik 18:6-8). Epi sa mnde disiplin, pa vre?
Chant du mois: # 157 français Chants d'Espérance (Veille au matin)
2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com