jeudi 1 novembre 2012

Verset du mois de novembre 2012


« Voici, oh ! Qu'il est agréable, qu'il est doux Pour des frères de demeurer ensemble dans l’unité ! … Car c'est là que l'Éternel envoie la bénédiction, La vie, pour l'éternité. » 
(Psaume 133 : 1 et 3b) Bible NIV
 ................................................................................................
« Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm ! …Paske se la Seyè a pwomèt pou l bay benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.» 
(Sòm 133:1 e 3b) Bible NIV
...................................................................................................
Eske nou fòme yon ekip ?
       Nan ki ekip ou ye? Yon ekip  ki pratike yon espò ? Yon asanble? Yon gwoup ? Yon koral ? Yon asosiyasyon ? Yon komite ? Yon fwaye oubyen yon fanmi ? Yon sosyete ? … Eske w jwe wòl pa w pou ekip ou a pwogrese ?

      Sa ki fè fòs yon ekip se tèt ansanm. Sa ki fè fòs yon ekip se lè chak eleman li genyen yo [chak  jwè, chak manm] jwe wòl pa yo, epi tout efò sa yo an amoni pou reyalize yon objektif ki ini tout jwè yo.

       Bib la di nan Sòm 133 :1 “Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm !” (Bib NIV). Remake Bib la di “lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm.” Sa vle di li posib pou  nou la ansanm, fè foul, san ke nou pa fè yon sèl  vre. Men BONDYE di nan vèsè 3 : Se kote frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm l’ap voye benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.

       Eske w vle fè yon sèl ak frè w ak sè w pou viv ansanm ?

Chant du mois: #263  français Chants d'Esprérance (Ah! qu'il est beau de voir des frères / D'un même amour unis entre eux)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

jeudi 4 octobre 2012

Verset du mois d'octobre 2012


« La sagesse d’en haut est premièrement pure, ensuite pacifique, modérée, conciliante, pleine de miséricorde et de bons fruits, exempte de duplicité, d’hypocrisie. » 
(Jacques 3:17) Bible Louis Segond.
 .......................................................................................................
« Pou koumanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.» 
(Jak 3:17) Bible Société Biblique Haïtienne
 .......................................................................................................

Ki sous sajès ou ? Sa moun di oswa sa BONDYE di ?

       Gen anpil mo yo itilize pou pale de sajès.Pa egzanp, yo sèvi ak : konesans, bon konprann, etc. Yon moun ki  saj se yon moun  ki konn sa pou li fè epi fè li. Men, kòman pou nou fè  konnnen sa pou nou fè ? Kibò pou nou puize?

       Yon moun kòmanse gen sajès lè li gen krentif pou BONDYE (Pwovèb 1 :7). Nan liv Jak  la, nou  jwenn diferans ki genyen ant sajès ki soti nan BONDYE  a  ak  sa ki soti lòt kote (Jak 3 :13-18) : « Pou koumanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. »

       Kanpe devan vèsè sa kòm yon miwa, epi reponn kesyon sa yo : 1) Ki sous sajès ou ? 2) Eske w saj toutbon ?


Chant du mois: #27  français Mélodies Joyeuses (Dieu Tout-Puissant)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

samedi 11 août 2012

Verset du mois d’août 2012

« Que la parole de Christ habite parmi vous abondamment ; instruisez-vous et exhortez-vous les uns les autres en toute sagesse, par des psaumes, par des hymnes, par des cantiques spirituels, chantant à Dieu dans vos cœurs sous l'inspiration de la grâce. » 
(Colossiens 3:16) Bible Louis Segond
……………………………………………………………………....
« Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo byen fèm nan kè nou. Se pou nou youn aprann nan men lòt, se pou nou youn ba lòt konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. » 
(Kolosyen 3:16) Bible Société Biblique Haitïenne
………………………………………………………………..…......
Ki pawòl nou pale ?
Lè nou youn rankontre lòt, kòman  nou  santi  nou ? Sou kisa  nou pale ? Eske se pawòl  ki pou ankouraje nou oubyen dekouraje nou ? Pawòl ki pou ede nou viv  byen  youn ak  lòt  oubyen kreye divizyon ? Pawòl ki pou konstwi  lafwa  nou oubyen kreye dout, lapèrèz, jalouzi, epi diminye konfyans nou gen nan BONDYE ?

Pawòl Bondye a di nan Kolosyen 3 :16, lè nou youn rankontre lòt, se pou nou pale sou Pawòl  Kris la – sa vle di Pawòl  BONDYE  a ki se LaBib. Se pou nou chante bon ti kantik  ak  sòm  ki ka ede moun grandi nan lafwa (1 Tesalonik 5 :11 ; Efezyen 4 :29, 5 :18).

Lè nou reyini, lè nou rankontre, lè nou youn vizite lòt, èske nou fè tèt nou plis  tò  oswa  nou fèt tèt nou plis byen ? (1 Korentyen 11 :17) Ou di mwens, èske Pawòl  Kris la ap debòde nan nou pou touche lòt yo paske se li ki ranpli lespri nou ? (Matye 12 :34)
Chant du mois: # 85 français CE (Redites-moi l'histoire / de l'amour de Jésus)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com



dimanche 1 juillet 2012

Verset du mois de juillet 2012

« Considère (…) la bonté et la sévérité de Dieu : sévérité envers ceux qui sont tombés, et bonté de Dieu envers toi, si tu demeures ferme dans cette bonté ; autrement, tu seras aussi retranché. »
                       (Romains 11:22) Bible Louis Segond
………………………………………………………………….............
« (…) Nou wè ki jan Bondye gen bon kè, ki jan li sevè tou. Li sevè pou moun ki tonbe yo, men li bon pou ou menm. Men, se pou ou rete fèm nan renmen Bondye. Si se pa sa, y’ap koupe w tankou lòt branch yo. »  
                (Women 11:22) Bible Société Biblique Haitïenne

               Kòman w ye nan lanmou ak gras BONDYE ?

Kòman fè pa gen moun ki ta renmen yo pran yo pou egare epi gen moun ki panse BONDYE se egare ? Ou kwè BONDYE  bon  anpil ? Ou gen rezon, paske se vre  e  se youn nan karakteristik  BONDYE.

BONDYE fidèl (2 Tim 2 :13) ; Li gen mizerikòd  ak  konpasyon (Jer 33 :11 ; Sòm 145 :8) ; Li bon (Sòm 100 :5 ; Lamantasyon 3 :22-25), etc.

Men, an menm tan tou, BONDYE se yon BONDYE ki  jalou  e ki pa pataje glwa  Li  ak  pèsonn (Egzòd 34 :14) ; Li sen, Li pa tolere malpwòpte (Ezayi 6 :3 ; 1 Pyè 1:16) ; Li  jije avèk  jistis, Li pa gen patipri (2 Tim 4 :8 ; Sòm 111 :3 ; Travay 10 :34-35) ; Li se yon BONDYE terib, nou dwe gen anpil krentif pou Li (Ebre 12 :28-29 ; 2 Kwonik 19 :7 ; Sòm 33 :8).

Tout moun ki pa ta renmen pèdi  lanmou  ak  gras BONDYE gen pou yo dwe aksepte epi rete nan lanmou ak gras BONDYE (Women 9-11; Lik 13:3 ; Rev 3:11)

Chant du mois: # 277 français CE (Sans un Dieu puissant pour Père)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com






vendredi 1 juin 2012

Verset du mois de juin 2012


« Etes-vous tellement dépourvus de sens ? Après avoir commencé par l’Esprit, voulez-vous maintenant finir par la chair. Avez-vous tant soufert en vain ? » 
(Galates 3 :3-4) Bible Louis Segond
…………………………………………………………………...……
« Ki jan nou fè egare konsa ? Nou koumanse ak pouvwa Lespri Bondye a, kounyeya nou vle fini ak pwòp fòs kouray nou. Eske se pou ganmesi nou te fè eksperyans sa yo ? » 
(Galat 3 :3-4 ) Bible Société Biblique Haitïenne

Ki jan w ye kounyeya pa rapò a jan w te kòmanse?

Ki moun ki ta renmen yo rele  li egare ? Pèsonn moun pa ta renmen yo rele  li  konsa. Men, èske nou pwouve sa nan fason n’ap  viv, nan fason n’ap pale, nan fason n’ap reflechi epi pran desizyon ?

Ki moun ki ta renmen byen kòmanse epi chwazi fini mal? Pawòl BONDYE a egzòte nou pou nou fè plis pwogrè chak jou (1 Tesalonisyen 4:1). Paske, pou nou jwenn rekonpans BONDYE sere pou nou an, nou dwe byen fini kous lavi a (Matye 24:13, 45-46; Lik 9:62, 21:19; Ebre 10:35-39; Mak 8:36).

Ou gen lontan w ap soufri  akoz  Levanjil Kris la ? Enben, bay BONDYE  glwa  pou sa, paske  se yon siy ki  pwouve Lespri  BONDYE  kouvri w (1 Pyè 4:12-19, 3:17; 2 Timote 3:12).

Sonje byen :a) Moun k’ap mache dwat yo ap viv paske yo mete konfyans (lafwa) yo nan BONDYE (Abakik 2 :4) ; b) Nou se sèl ak limyè pou moun ki sou latè; se nou ki pou gide yo (Matye 5:13-19; Mak 9 :50) ; c) Nou pa dwe kite zèv lachè distrè nou (Galat 5 :19); nou dwe konsantre nou sou fwi Lespri a (Galat 5 :22) ; d) Viktwa nou depann de Lespri BONDYE ; li pa depann de fòs (estreteji, plan) nou (Zakari 4 :6).

Chant du mois: # 68 français Réveillons-nous (Invoque-moi du sein de la détresse)

2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com