«
La sagesse d’en haut est premièrement pure, ensuite pacifique, modérée,
conciliante, pleine de miséricorde et de bons fruits, exempte de duplicité,
d’hypocrisie. »
(Jacques 3:17) Bible Louis Segond.
.......................................................................................................
«
Pou koumanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte
Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon,
l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.»
(Jak 3:17) Bible Société Biblique Haïtienne
.......................................................................................................
Ki
sous sajès ou ? Sa moun di oswa sa BONDYE di ?
Gen anpil mo yo itilize pou pale de
sajès.Pa egzanp, yo sèvi ak : konesans, bon konprann, etc. Yon moun ki saj se yon moun ki konn sa pou li fè epi fè li. Men,
kòman pou nou fè konnnen sa pou nou
fè ? Kibò pou nou puize?
Yon moun kòmanse gen sajès lè li gen
krentif pou BONDYE (Pwovèb 1 :7). Nan liv Jak la, nou jwenn diferans ki genyen ant sajès ki soti nan
BONDYE a ak sa
ki soti lòt kote (Jak 3 :13-18) : « Pou koumanse, moun ki gen
bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout
moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè
anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. »
Kanpe devan vèsè sa kòm yon miwa, epi
reponn kesyon sa yo : 1) Ki sous sajès ou ? 2) Eske w saj
toutbon ?
Chant du mois: #27 français
Mélodies Joyeuses (Dieu Tout-Puissant)
2012: Ane Pou Nou
Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon
benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. :
5093-8159746
Boîte Postale 11060,
Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com