dimanche 10 octobre 2010

Verset du mois d'octobre 2010

« Je t’avais plantée comme une vigne excellente Et du meilleur plant;  Comment as-tu changé, Dégénéré en une vigne étrangère ? »  
                      (Jérémie 2:21) Bible Louis Segond
 .......................................................................................................
« Mwen te plante ou tankou yon pye rezen kalite, ki sòti nan bon semans. Men kounyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon. M pa konnen kote ou sòti. »
              (Jeremi 2:21) Bible Société Biblique Haïtienne
 ........................................................................................................
Kote premye lanmou w te gen pou BONDYE a ? Kote zèl ak devouman w te gen pou travay BONDYE a pase ? Kote kontra w te gen ak BONDYE  a ? Ou kwè se ou ki te di ou dakò. Ou bliye ?
            Kilès ou panse ki te plante premye lanmou sa a nan kè w ? (Li Filipyen 2:13 ; Revelasyon 2:4-5)  Se BONDYE ki te plante l. E ou menm, ki travay pa w ?
Travay pa w se :
1)  Pa vire do bay BONDYE. Sa vle di: pa neglije pawòl BONDYE epi fè tout sa BONDYE di w fè. Se BONDYE ki sous la; se li ki pou nouri w. 2) Pa manje manje bliye. Ou pa dwe gen memwa kout. Ou pa dwe retounen an Ejip ki se senbòl : zidòl, konvwatiz, plezi nan move kondisyon, enfidelite, peche, malpwòpte, pwostitisyon, etc. 3) Rekonèt BONDYE kòm sèl MÈT ou. Lè w obeyi BONDYE ak pawòl li, ou dakò BONDYE  gen otorite sou lavi w. E lè w pa obeyi BONDYE, kisa w vle di?
            Kilès ki Mèt ou ? (Li Ezayi 1:3) Kilès ou obeyi ? Kisa ou fè ak gras BONDYE a ? Ki fwi w bay kòm “pye rezen” ?

P.S. Pou pi byen konprann, m ankouraje nou li tout chapit 2 a (Jeremi)

Chant du mois: # 118 créole CE (Mwen te chwazi nèt pou toujou)


JonasLOUISAIRE
Motivateur

vendredi 2 juillet 2010

Verset du mois de juillet 2010

« Eh quoi ! Si quelques-uns n’ont pas cru, leur incrédulité anéantira-t-elle la fidélité de Dieu ? Loin de là ! Que Dieu, au contraire, soit reconnu pour vrai, et tout homme pour menteur... »
                        (Romains 3:3-4) Bible Louis Segond
..............................................................................................................
«Bon, tande non.Si gen ladan yo ki pa  kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye  p’ap kenbe pawòl li tou ?  O, non, se lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre... »
                (Women 3:3-4) Bible Société Biblique Haïtienne

  Kisa BONDYE te di ? Kote tè pwomès pa w la ? Ki moun ki te fè w pwomès  la ? Èske w vle bay vag tout bon vre ? Chak pwomès BONDYE antre nan plan  BONDYE pou glwa BONDYE.
      Pafwa nou mezire BONDYE ak mezi nou mezire tèt nou. Paske nou gen limit nou panse BONDYE gen limit [nan kapasite li] tou. BONDYE pa menm jan ak moun. Menm jan syèl  la byen lwen anwo latè, se konsa kapasite BONDYE byen lwen anwo kapasite nou (Li Ezayi 55:8-11). Se poutèt sa, lè yon bagay enposib pou
moun fè, BONDYE kapab fè li (Matye 19:26).
      Menm si nou pa vle kwè BONDYE kapab fè sa li pwomèt l’ap fè a, sa p’ap chanje anyen nan fidelite BONDYE. Plan BONDYE ap reyalize kanmenm, avè w oubyen san ou-menm. Men, si w pa vle kwè: 1o) ou kapab rekòlte fwi enkredilite w epi peri nan dezè a (Nonb 14:11, 27-28, 34); 2o) ou kapab retade pwosesis la; ou ka oblije tann yon lòt sezon; 3o) ou kapab wè l ak  je w epi w pa ka manje ladan l (2 Wa 7:2).  
      Seyè, se pou volonte w fèt!

Chant du mois : # 13 Chan d'Esperans
(Lè n'ap mache ak Dye/Obeyi kwè/Se tou sa pou nou fè)

JonasLOUISAIRE
Motivateur

jeudi 3 juin 2010

Verset du mois de juin 2010

« Dieu n’est pas un homme pour mentir, Ni fils d’un homme pour se repentir. Ce qu’il a dit, ne le fera-t-il pas? Ce qu’il a déclaré, ne l’exécutera-t-il pas. »
  (Nombres 23:19) Bible Louis Segond  
 ......................................................................................................

« Bondye pa tankou moun k’ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k’ap chanje lide yo pou ti krik ti krak. Depi li pwomèt yon bagay, l’ap fè l. Depi li pale, fòk sa li di a rive! »
                  (Nonb 23:19) Bible Société Biblique Haïtienne
   
Lè BONDYE  fè  w  yon pwomès, èske  w kwè  epi sezi pwomès sa a pa mwayen lafwa ? Si w pa kwè sa BONDYE di, kilès ou kwè? Ou kwè w ta bliye verite sa a: “Pawòl  BONDYE  a  aji (efikas, fè mirak ) pou moun ki kwè (1 Tesalonisyen 2:13)”?
        Pawòl BONDYE se verite.(2 Samyèl 22:31; Jan 17:17). Sa w dwe fè, se aksepte nenpòt sa BONDYE  di (nan pawòl li). BONDYE di li pa konn bay manti; li toujou kenbe pwomès li. Poukisa w kontinye ap mande si se vre? Poukisa w ap doute? Paske sitiyasyon pa w la difisil ? Pa gen anyen ki enposib pou BONDYE (Matye19:26 ; Mak  10:27).
        Pa bliye li vèsè sa yo: Jeremi 1:12; Women 4:21; Travay[Actes] 27:25; Ezayi 59:1-21; 2 Timote 2:13; Jan 11:40.       

Chant du mois : # 10 Haïti Chante avec Radio Lumière (Mouin p’ap kite ou ni bliye ou)


JonasLOUISAIRE
Motivateur

lundi 3 mai 2010

Verset du mois de mai 2010

« Ne vous inquiétez pas pour votre vie de ce que vous mangerez, ni pour votre corps, de quoi vous serez vêtus. La vie n’est-elle pas plus que la nourriture, et le corps plus que le vêtement?...Qui de vous, par ses inquiétudes, peut ajouter une coudée à la durée de sa vie? » 
                     (Matthieu 6:25, 27) Bible Louis Segond
........................................................................................................

« Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Èske lavi a pa pi konsekan pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? ...Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l’? »
              (Matye 6:25, 27) Bible Société Biblique Haïtienne

       Èske nou bay bagay ki gen plis valè plis enpòtans ? Anvan w kouri reponn, fè yon ti reflechi. Repons lan se pou ou; ou mèt sensè ak tèt ou.
       Nan jan n’ap viv, nan pwojè nou yo, nan plan nou yo, kisa nou bay priyorite? Bagay ki la pou tout tan oubyen bagay ki la pou yon ti bout tan?
       BONDYE di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje, sa nou bezwen pou bwè, rad nou bezwen pou mete. Ki moun ki bat kò yo pou bagay sa yo? Se moun ki pa konnen BONDYE – payen yo. Poukisa? Paske:
10) Yo pa konnen pwomès BONDYE yo. BONDYE
se bèje nou, Jewova Jire: Plis ke ase. 20) Yo pa ka fè pwomès BONDYE yo konfyans. Depi nou kwè, pwomès BONDYE yo ap reyalize nan lavi nou. 30) Yo pa aplike prensip (pawòl, kòmandman) BONDYE yo. BONDYE mande nou pou nou viv jan li vle l’ la anvan. Tout lòt bagay yo (manje, rad…) ap vini aprè.  Si Bondye pa t’ refize nou pwòp pitit li a (JEZI), kisa l’ap refize ban nou lè nou aksepte viv tout bon vre daprè pawòl li a? 40) Yo pa gen pasyans; yo vle tout bagay fèt byen vit.  
       Pou nou viv daprè pawòl BONDYE a ki di nou
« Pa enkyete, pa bat kò nou pou anyen », sonje sa fwi LESPRI BONDYE a bay: kè kontan, kè poze, pasyans, etc. (Galat 5:22) Lè nou gen pasyans, n’ap sispann viv tankou moun ki toujou ap kouri, ki toujou ap jere kriz ak ijans. Se pou nou reflechi pito sou tan ki p’ap janm fini an epi poze  tèt nou kesyon sa yo: Èske nanm mwen an sante? Èske mwen  gen tan pou pran swen kò mwen, lespri mwen, nanm mwen, travay MÈT la?

Chant du mois : # 133 CE (Sois sans alarme, sans frayeur / Dieu prendra soin de toi)


JonasLOUISAIRE
Motivateur

samedi 2 janvier 2010

Verset du mois de janvier 2010

« Ne vous inquiétez de rien; mais en toute chose faite connaître vos besoins à Dieu par des prières et des supplications, avec des actions de grâces. »
                      (Philippiens 4:6) Bible Louis Segond

«Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l’ mèsi tou lè n’ap lapriyè. »
                        (Filipyen 4:6) Bible Société Biblique H

Tou sa ki nan Pawòl BONDYE a se verite (Sòm 119: 160 ; Jan 17:17) ; epi tou , Pawòl BONDYE a pa manke anyen (Pwovèb 30:6 ) . Kidonk , nou pa gen ni pou n’ wete ni pou n’ mete.

Malgre nou konnen sa byen klè, pafwa nou konn oze mete pawòl BONDYE a an kesyon. Nou panse nou gen dwa pou n’ kite lespri n’ boulvèse e nou vle defann dwa sa a. Men, Pawòl Bondye a di nou pa bay kò nou traka pou anyen. Wi, pou anyen. Poukisa?
Paske:1).Enkyetid p’ap rezoud okenn pwoblèm (Matye 6:27); 2). Pa gen anyen ki gaspiye enèji nou plis pase enkyetid (lè lespri n’ pa anpè); 3).Pou n’ pote viktwa sou enkyetid, lapèrèz, dout, nou dwe poze aksyon (Li Jak 2:14-26). Pawòl la di nou: priye, mande BONDYE tout sa nou bezwen, di Li mèsi. (Pa bliye:si lespri w boulvèse, ou p’ap ka priye [ak lafwa] 1 Pyè 4:7).

Pou ane 2010 sa a e pou rès lavi w, kisa w t’ap fè si w pa t’ ni enkyete ni gen lapèrèz ni doute? ki pwojè w t’ap genyen oswa lanse? Ki travay ou t’ap fè pou BONDYE ? Ki rèv ou t’ap genyen? Èske ou t’ap priye ak asirans, lafwa, otorite? Ki etid ou t’ap fè? Ki liv ou t’ap li? Ki liv ou t’ap ekri? Ki moun ou t’ap ede? Ki kote w t’ap prale? Ki objektif, ki plan, ou t’ap genyen pou ane 2010 la ?