« Ne vous inquiétez de rien; mais en toute chose faite connaître vos besoins à Dieu par des prières et des supplications, avec des actions de grâces. »
(Philippiens 4:6) Bible Louis Segond
«Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l’ mèsi tou lè n’ap lapriyè. »
(Filipyen 4:6) Bible Société Biblique H
Tou sa ki nan Pawòl BONDYE a se verite (Sòm 119: 160 ; Jan 17:17) ; epi tou , Pawòl BONDYE a pa manke anyen (Pwovèb 30:6 ) . Kidonk , nou pa gen ni pou n’ wete ni pou n’ mete.
Malgre nou konnen sa byen klè, pafwa nou konn oze mete pawòl BONDYE a an kesyon. Nou panse nou gen dwa pou n’ kite lespri n’ boulvèse e nou vle defann dwa sa a. Men, Pawòl Bondye a di nou pa bay kò nou traka pou anyen. Wi, pou anyen. Poukisa?
Paske:1).Enkyetid p’ap rezoud okenn pwoblèm (Matye 6:27); 2). Pa gen anyen ki gaspiye enèji nou plis pase enkyetid (lè lespri n’ pa anpè); 3).Pou n’ pote viktwa sou enkyetid, lapèrèz, dout, nou dwe poze aksyon (Li Jak 2:14-26). Pawòl la di nou: priye, mande BONDYE tout sa nou bezwen, di Li mèsi. (Pa bliye:si lespri w boulvèse, ou p’ap ka priye [ak lafwa] 1 Pyè 4:7).
Pou ane 2010 sa a e pou rès lavi w, kisa w t’ap fè si w pa t’ ni enkyete ni gen lapèrèz ni doute? ki pwojè w t’ap genyen oswa lanse? Ki travay ou t’ap fè pou BONDYE ? Ki rèv ou t’ap genyen? Èske ou t’ap priye ak asirans, lafwa, otorite? Ki etid ou t’ap fè? Ki liv ou t’ap li? Ki liv ou t’ap ekri? Ki moun ou t’ap ede? Ki kote w t’ap prale? Ki objektif, ki plan, ou t’ap genyen pou ane 2010 la ?