dimanche 3 février 2013

Verset des mois de jan. & fév. 2013


« Que tout ce qui est vrai, tout ce qui est honorable, tout ce qui est juste, tout ce qui est pur, tout ce qui est aimable, tout ce qui mérite l'approbation, ce qui est vertueux et digne de louange, soit l'objet de vos pensées.»
(Philippiens 4 :8) Bible Louis segond
.................................................................................................
 « Mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.»
(Filipyen 4 :8) Bible Société Biblique Haïtienne
..................................................................................................
Sou kisa nou mete lide nou?
       Depi anviwon twa zan, nou pwopoze yon tèm pou chak ane. E pou ane 2013 la, tèm nan se “Ane pou kenbe lespri nou an pè”. Men, youn nan sa ki te atire atansyon nou se reyaksyon yon zanmi lè li te tande tèm sa a. Men kesyon li poze : “Eske sa posib nan mond n’ap viv la ?”

       Wi li posib, paske BONDYE di nou sa : “Pa kite anyen toumante tèt nou”(Jan 14 :1, 27; Matye 6 :25-29) ; “Pa bay kò nou traka pou anyen” (Filipyen 4 :6) ; “Se pou nou kenbe tèt nou anplas …pou n ka lapriyè”(1 Pyè 4 :7). Si BONDYE di nou pou nou kenbe lespri nou an pè, se paske li konnen LI POSIB. Ke tout lide ki vle fè n’ kwè lekontrè koube epi obeyi  sa  BONDYE di (2 Kor 10 :5).

       Pou nou rive fè sa, nou dwe “Mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.”Paske sa nou kite domine epi satire lespri nou jodi a, se li nou pral repwodui demen (Matye 14 :34).

Chant du mois: #141  français Chants d'Esprérance (A JESUS je m'abandonne)
2013: Ane Pou Nou Kenbe Lespri Nou An Pè.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com


jeudi 1 novembre 2012

Verset du mois de novembre 2012


« Voici, oh ! Qu'il est agréable, qu'il est doux Pour des frères de demeurer ensemble dans l’unité ! … Car c'est là que l'Éternel envoie la bénédiction, La vie, pour l'éternité. » 
(Psaume 133 : 1 et 3b) Bible NIV
 ................................................................................................
« Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm ! …Paske se la Seyè a pwomèt pou l bay benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.» 
(Sòm 133:1 e 3b) Bible NIV
...................................................................................................
Eske nou fòme yon ekip ?
       Nan ki ekip ou ye? Yon ekip  ki pratike yon espò ? Yon asanble? Yon gwoup ? Yon koral ? Yon asosiyasyon ? Yon komite ? Yon fwaye oubyen yon fanmi ? Yon sosyete ? … Eske w jwe wòl pa w pou ekip ou a pwogrese ?

      Sa ki fè fòs yon ekip se tèt ansanm. Sa ki fè fòs yon ekip se lè chak eleman li genyen yo [chak  jwè, chak manm] jwe wòl pa yo, epi tout efò sa yo an amoni pou reyalize yon objektif ki ini tout jwè yo.

       Bib la di nan Sòm 133 :1 “Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm !” (Bib NIV). Remake Bib la di “lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm.” Sa vle di li posib pou  nou la ansanm, fè foul, san ke nou pa fè yon sèl  vre. Men BONDYE di nan vèsè 3 : Se kote frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm l’ap voye benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.

       Eske w vle fè yon sèl ak frè w ak sè w pou viv ansanm ?

Chant du mois: #263  français Chants d'Esprérance (Ah! qu'il est beau de voir des frères / D'un même amour unis entre eux)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com