« Que tout ce qui est
vrai, tout ce qui est honorable, tout ce qui est juste, tout ce qui est pur,
tout ce qui est aimable, tout ce qui mérite l'approbation, ce qui est vertueux
et digne de louange, soit l'objet de vos pensées.»
(Philippiens 4 :8) Bible
Louis segond
.................................................................................................
« Mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre,
ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont.»
(Filipyen 4 :8) Bible Société
Biblique Haïtienne
..................................................................................................
Sou kisa nou mete lide nou?
Depi anviwon twa zan, nou pwopoze yon tèm
pou chak ane. E pou ane 2013 la, tèm nan se “Ane pou kenbe lespri nou an pè”.
Men, youn nan sa ki te atire atansyon nou se reyaksyon yon zanmi lè li te tande
tèm sa a. Men kesyon li poze : “Eske sa posib nan mond n’ap viv la ?”
Wi li posib, paske BONDYE di nou
sa : “Pa kite anyen toumante tèt nou”(Jan 14 :1, 27; Matye
6 :25-29) ; “Pa bay kò nou traka pou anyen” (Filipyen 4 :6) ;
“Se pou nou kenbe tèt nou anplas …pou n ka lapriyè”(1 Pyè 4 :7). Si BONDYE
di nou pou nou kenbe lespri nou an pè, se paske li konnen LI POSIB. Ke tout lide ki
vle fè n’ kwè lekontrè koube epi obeyi sa BONDYE
di (2 Kor 10 :5).
Pou nou rive
fè sa, nou dwe “Mete lide nou sou bagay ki
bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou
wont.”Paske sa nou kite domine epi satire lespri nou jodi a, se li
nou pral repwodui demen (Matye 14 :34).
Chant du mois: #141 français Chants d'Esprérance (A JESUS je m'abandonne)
2013: Ane Pou Nou
Kenbe Lespri Nou An Pè.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon
benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. :
5093-8159746
Boîte Postale 11060,
Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com