Pensée:
« Semez une idée, vous récolterez un acte. Semez un acte, vous révolterez une habitude. Semez une habitude, vous récolterez un caractère. Semez un caractère, vous récolterez un destin. » ~Anon
mardi 18 mars 2014
samedi 7 décembre 2013
Verset du mois de décembre 2013
« Il viendra un temps
où les hommes ne supporteront pas la saine doctrine ; mais, ayant la
démangeaison d'entendre des choses agréables, ils se donneront une foule de docteurs
selon leurs propres désirs, détourneront l'oreille de la vérité, et se tourneront
vers les fables.»
(2 Timothée
4 :3-4) Bible Louis segond
…………………………………………………………………….........
« Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle
kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo
ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a,
y'a pito koute istwa ki pa vre.»
(2 Timote 4 :3-4) Bible Société Biblique Haitienne.
…………………………………………………………………….........
Èske
w pran plezi nan li epi koute Pawòl BONDYE ?
Ki
pawòl ou renmen tande ? Sa ki verite ? Sa k’ap bon pou ou oswa sa ki
fè w plezi ? Pawòl BONDYE a di nou “tout
sa ki ekri nan Bib la sòti nan Lespri BONDYE ; tout itil” (2 Tim
3 :16). Men nan dènye tan an, gen moun k’ap kite Levanjil Kris la pou y’al
anseye oswa suiv ansèyman ki chita sou manti ak espwa fo mamit. Paske yo
pè soufri, y’ap bliye si Pawòl Bondye a se medikaman pou nanm; li
ka gou oswa anmè nan bouch, men l’ap geri nou (2 Tim 4 :3-5 ; 2 Pyè
2 :1-3).
BONDYE ba lèzòm yon sèl moun pou rekonsilye
yo avèk Li : JEZIKRI (Ak 4 :11-12 ; Jan 14 :6). Pou nou
rete fèm nan Levanjil KRIS la jiskaske
Li retounen, veye pou nou pa ni suiv, ni anseye, ni pwopaje ansèyman ki kontrè
ak sa JEZI te kite pou nou (Matye 10 :22).
Chant du mois: # 85 français Chants d'Espérance (Redites-moi l'histoire)
2013:
Ane Pou Nou Kenbe Lespri Nou An Pè.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : (509) 38159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com
dimanche 7 juillet 2013
Verset du mois de juillet 2013
«
S'il est possible, autant que cela dépend de vous,
soyez en paix avec tous les hommes. »
(Romains
12 :18) Bible Louis segond
……………………………………………………………………
« Fè tou sa nou
kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. »
(Women 12 :18) Bible Société Biblique H.
……………………………………………………………………
Ki jefò w fè pou w
viv an pè avèk moun parèy ou ?
Ou se manm yon gwoup, yon koral oswa yon asanble ? W ap viv nan yon
katye, yon kominote , yon vil, yon rejyon kèlkonk nan yon peyi oswa sou planèt tè a ?
Koute byen yon konsèy BONDYE ban nou pou ede nou viv byen youn ak lòt : « Fè tou sa nou kapab
pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. » (Women 12 :18)
Premye moun ou bezwen an pè avè l, se BONDYE.
Rekonèt li kòm Kreyatè w, BONDYE w ; sèvi l, fè louwanj pou li, adore li
pou sa li ye ak sa li fè. (Women 3:23 ; Ak 17: 30 ; 2 Korentyen 5:20b ; 1
Tim 2 :5 ; Sòm 150 :6).
Dezyèm moun nou bezwen an pè avè l, se
nou menm menm. Nou dwe renmen tèt nou, trete tèt nou byen, padone tèt nou.
(Efezyen 5 :29 ; Sòm 139 :14 ; 1 Jan 1 :9).
Twazyèn moun nou bezwen an pè avè l, se
pwochen nou. Nan parabòl bon Samariten an (Lik 10 :37), JEZI di pwochen nou se “tout moun n’ap viv avè l
oubyen nou ka rankontre”. (Matye 7 :12 ; Lik
6 :31-33 ; Kolosyen 3 :13 ; 1 Pyè 2:12). Eske w fè
tout sa w kapab pou viv byen ak tout moun ?
Chant du mois: # 114 français
Mélodies Joyeuses (Je voudrais, Jésus, être comme Toi)
2013:
Ane Pou Nou Kenbe Lespri Nou An Pè.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com
Inscription à :
Articles (Atom)