dimanche 7 juillet 2013

Verset du mois de juillet 2013


« S'il est possible, autant que cela dépend de vous, soyez en paix avec tous les hommes. »  
(Romains 12 :18) Bible Louis segond
…………………………………………………………………… 
« Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. »  
(Women 12 :18) Bible Société Biblique H.
……………………………………………………………………

Ki jefò w fè pou w viv an pè avèk moun parèy ou ?

       Ou se manm yon gwoup, yon koral  oswa yon asanble ? W ap viv nan yon katye, yon kominote , yon vil, yon rejyon kèlkonk  nan yon peyi oswa sou planèt tè a ? Koute byen yon konsèy BONDYE ban nou pou ede nou viv  byen youn ak lòt : « Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun mezi nou wè nou ka fè li. » (Women 12 :18) 

        Premye moun ou bezwen an pè avè l, se BONDYE. Rekonèt li kòm Kreyatè w, BONDYE w ; sèvi l, fè louwanj pou li, adore li pou sa li ye ak sa li fè. (Women 3:23 ; Ak 17: 30 ; 2 Korentyen 5:20b ; 1 Tim 2 :5 ; Sòm 150 :6).

       Dezyèm moun nou bezwen an pè avè l, se nou menm menm. Nou dwe renmen tèt nou, trete tèt nou byen, padone tèt nou. (Efezyen 5 :29 ; Sòm 139 :14 ; 1 Jan 1 :9).

       Twazyèn moun nou bezwen an pè avè l, se pwochen nou. Nan parabòl bon Samariten an (Lik 10 :37), JEZI di pwochen nou se tout moun n’ap viv avè l oubyen nou ka rankontre. (Matye 7 :12 ; Lik 6 :31-33 ; Kolosyen 3 :13 ; 1 Pyè 2:12). Eske w fè tout sa w kapab pou viv byen ak tout moun ?

Chant du mois: # 114 français Mélodies Joyeuses (Je voudrais, Jésus, être comme Toi)

2013: Ane Pou Nou Kenbe Lespri Nou An Pè.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur

.........................................................

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
                                 www.motivationbiblique.blogspot.com