jeudi 1 novembre 2012

Verset du mois de novembre 2012


« Voici, oh ! Qu'il est agréable, qu'il est doux Pour des frères de demeurer ensemble dans l’unité ! … Car c'est là que l'Éternel envoie la bénédiction, La vie, pour l'éternité. » 
(Psaume 133 : 1 et 3b) Bible NIV
 ................................................................................................
« Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm ! …Paske se la Seyè a pwomèt pou l bay benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.» 
(Sòm 133:1 e 3b) Bible NIV
...................................................................................................
Eske nou fòme yon ekip ?
       Nan ki ekip ou ye? Yon ekip  ki pratike yon espò ? Yon asanble? Yon gwoup ? Yon koral ? Yon asosiyasyon ? Yon komite ? Yon fwaye oubyen yon fanmi ? Yon sosyete ? … Eske w jwe wòl pa w pou ekip ou a pwogrese ?

      Sa ki fè fòs yon ekip se tèt ansanm. Sa ki fè fòs yon ekip se lè chak eleman li genyen yo [chak  jwè, chak manm] jwe wòl pa yo, epi tout efò sa yo an amoni pou reyalize yon objektif ki ini tout jwè yo.

       Bib la di nan Sòm 133 :1 “Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm !” (Bib NIV). Remake Bib la di “lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm.” Sa vle di li posib pou  nou la ansanm, fè foul, san ke nou pa fè yon sèl  vre. Men BONDYE di nan vèsè 3 : Se kote frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm l’ap voye benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.

       Eske w vle fè yon sèl ak frè w ak sè w pou viv ansanm ?

Chant du mois: #263  français Chants d'Esprérance (Ah! qu'il est beau de voir des frères / D'un même amour unis entre eux)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com

jeudi 4 octobre 2012

Verset du mois d'octobre 2012


« La sagesse d’en haut est premièrement pure, ensuite pacifique, modérée, conciliante, pleine de miséricorde et de bons fruits, exempte de duplicité, d’hypocrisie. » 
(Jacques 3:17) Bible Louis Segond.
 .......................................................................................................
« Pou koumanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit.» 
(Jak 3:17) Bible Société Biblique Haïtienne
 .......................................................................................................

Ki sous sajès ou ? Sa moun di oswa sa BONDYE di ?

       Gen anpil mo yo itilize pou pale de sajès.Pa egzanp, yo sèvi ak : konesans, bon konprann, etc. Yon moun ki  saj se yon moun  ki konn sa pou li fè epi fè li. Men, kòman pou nou fè  konnnen sa pou nou fè ? Kibò pou nou puize?

       Yon moun kòmanse gen sajès lè li gen krentif pou BONDYE (Pwovèb 1 :7). Nan liv Jak  la, nou  jwenn diferans ki genyen ant sajès ki soti nan BONDYE  a  ak  sa ki soti lòt kote (Jak 3 :13-18) : « Pou koumanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l’ap viv byen ak tout moun, l’ap respekte tout moun, l’ap tande rezon, l’ap gen kè sansib, l’ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. »

       Kanpe devan vèsè sa kòm yon miwa, epi reponn kesyon sa yo : 1) Ki sous sajès ou ? 2) Eske w saj toutbon ?


Chant du mois: #27  français Mélodies Joyeuses (Dieu Tout-Puissant)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com