lundi 7 avril 2014

Verset du mois d'avril 2014

«L'un de vous passe-t-il par la souffrance ? Qu'il prie. Un autre est-il dans la joie ? Qu'il chante des cantiques.»
(Jacques 5:13) Bible du Semeur
…………………………………………………………..……….
«Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik.»  
(Jak 5:13) Bible Société Biblique Haitienne
……………………………………………………………………
Ki moman w ap travèse ?
       Eske w toujou mande tèt ou nan ki moman w ye ? Nan yon moman soufrans ? Nan yon moman kote kè w kontan ? Pawòl BONDYE a fè nou sonje kòman pou nou jere de moman opoze sa yo : «Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l' chante kantik.» (Jak 5:13)
       Si wap soufri nan kò w akòz yon maladi, si wap soufri nan lespri w akòz yon dèy, presyon w gen sou do w, panik , estrès, si w santi w annouye, pa bliye ou ka jwenn rekonfò ak  fòs pou w kontinye kous la nan lapriyè. (Matye 11 :28 ; Kolosyen 4 :2 (Bible du Semeur) ; Ebre 10 :36)
       Epi toujou sonje se yon moman wap travèse. Soufrans pa la pou toutan (Revelasyon 21 :4). Ann fè jefò pon nou jere ni moman soufrans yo, ni moman kè kontan yo — san nou pa bliye kisa ki priyorite nou.

Chants du mois: # 121 français Chants d’Espérance (Ne crains rien, je t’aime)

2014: Ane Pou Nou Sonje Kisa ki Priyorite Nou.

J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur

.........................................................

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com
www.facebook.com/motivation.biblique