« Vous êtes riches
dans tous les domaines, qu'il s'agisse de la foi, de la parole ou de la
connaissance, du zèle en toutes choses ou de l'amour qui, de nos cœurs, a gagné
les vôtres; cherchez donc aussi à exceller dans cette œuvre de générosité. »
(2
Corinthiens 8:7) Bible du Semeur
………………………………………………………………….............
« Wi, nou rich sou tout pwen, kit se nan lafwa, kit se
nan konn pale byen, kit se nan kònesans verite a, kit se nan aktivite nou pou
Bondye, kit se nan renmen nou gen pou mwen. Se poutèt sa mwen ta renmen wè nou
bay ak tout kè nou pou zèv sa a tankou moun ki rich.»
(2 Korent 8 : 7) Bible Société Biblique Haïtienne
..................................................................................................
Kisa
w fè ak richès BONDYE ba ou ?
BONDYE ban nou anpil richès :
lasante, kè kontan, konesans verite a, lafwa, lanmou pou frè n ak sè n, lanmou
pou BONDYE ak travay li, etc. Kisa w fè ak richès sa yo ? Si BONDYE ba w
yon richès, li ba ou l pou itil tèt ou, moun li mete bò kote ak Wayòm li. (Det
8 :17-18 ; Pwov 10:22; Jak 1:17)
Pa fè menm jan ak sèvitè enfidèl la ki te
sere talan BONDYE te ba li a. Okontrè itilize li; mete li o sèvis lòt moun. Konsa,
l’ap vin ogmante. (Matye 25:14-30 ; Ak 4:34)
Ou te kòmanse bay tan w, fòs ak enèji w, konesans ou, konsèy
ou, lajan w ? Enben kontinye bay. Bay mezi w kapab, toutotan w kapab,
toutotan w vivan. Bay ak kè kontan. Rekonpans ou nan men BONDYE (Ebre 6 :10).
Chant du mois: # 138 français Chants
d’Espérance (A toi, mon Dieu ! je me donne)
2014: Ane Pou Nou Sonje
Kisa Ki Priyorite Nou.