samedi 7 juin 2014

Verset du mois de juin 2014


«Voici, oh ! Qu'il est agréable, qu'il est doux Pour des frères de demeurer ensemble dans l’unité!... Car c'est là que l'Éternel envoie la bénédiction, La vie, pour l'éternité. » 
(Psaume 133 :1, 3) Bible NIV
……………………………………..…………………....….....………..
« Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou yo viv ansanm! …Se la Seyè a pwomèt pou l' bay benediksyon l', lavi ki p'ap janm fini an. »  
(Sòm 133 : 1, 3) Bible NIV
…………………………………………………..........…………………

Eske nou fè yon sèl pou nou viv ansanm?

       Konbyen nou ye nan ekip nou an ? nan gwoup nou an ? nan asanble nou an ? nan fanmi nou an ?....Pawòl BONDYE di nou se bèl bagay lè frè ak frè, sè ak sè, moun ak moun, fè yon sèl pou yo viv ansanm (Sòm 133 :1).

       Viv an amoni, mete tèt ansanm toutbon vre, pèmèt nou fè mirak. Yon grenn ka fè mil kouri, 2 ka fè 10,000 kraze rak (Detewonòm 32 :30).

       Lè Tou Babèl tap konstwi, tande sa BONDYE di : « Si kòm yon sèl pèp ki pale menm lang yo kòmanse fè bagay sa a, alèkile pa gen anyen yo fè plan pou yo fè k’ap enposib pou yo. » (Jenèz 11 :6).

       Pa sèlman rasanble pou fè foul  moun. Sonje nou fòme yon ekip epi mete tèt nou ansanm toutbon vre. Na sezi wè jan benediksyon BONDYE ap kouvri nou (Eklezyas 4 : 9-12; Matye 18 :19-20 ; Jan 13 :35 ; Galat 5 :15).     

Chant du mois: # 263 français Chants d’Espérance (Ah ! Qu’il est beau de voir des frères)

2014: Ane Pou Nou Sonje Kisa Ki Priyorite Nou.

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 509-38159746