«
Examinez-vous vous mêmes, pour savoir si vous êtes dans la foi ; éprouvez-vous
vous-mêmes. Ne reconnaissez-vous pas que Jésus Christ est en vous ? à moins
peut-être que vous ne soyez réprouvés. »
(2
Corinthiens 13 : 5) Bible Louis Segond
………………………………………………………………..….
« Sonde tèt nou nou-menm, egzaminen konsyans
nou byen pou nou wè si n’ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt
si Jezikri nan kè nou, esèpte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan
Bondye. »
(2 Korent 13 : 5) Bible Société Biblique
Haïtienne
.............................................................................................
Ki dènye fwa w te fè yon tchèkòp ?
Youn nan teknik pou vwayaje se fè yon ti kanpe detanzantan
pou verifye si nou toujou sou bon wout la
— sitou si se premye fwa n’ap fè
wout sa a. Sa valab tou sou plan espirityèl. Lè w gade byen, èske w
toujou ap suiv JeziKri ? Pa bliye Jezi se sèl chemen an (Jan 14 : 6). Si w
poko chwazi chemen sa a, sa wap tann ? Si w chwazi l deja, pou kisa pou w
pa suiv chemen sa a jiskaske w rive kot Papa a ? (Lik 9 : 62 ;
Ebre 10 : 35-39)
Pa bliye BONDYE di nou :
« Sonde tèt nou nou-menm, egzaminen konsyans nou byen pou nou wè si n’ap
viv ak konfyans nan BONDYE. » (2 Kor 13 :5) Fè yon tès pou tèt ou. E
si w dwe korije kèk bagay, fè sa vit.
Konsa, n’ap toujou sonje
priyorite nou yo epi konsantre nou sou yo.
Chant du mois: # 80 français Chants d’Espérance (Quel ami fidèle et
tendre)
2014: Ane Pou Nou Sonje Kisa ki Priyorite Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com
www.facebook.com/motivation.biblique