samedi 7 décembre 2013

Verset du mois de décembre 2013


« Il viendra un temps où les hommes ne supporteront pas la saine doctrine ; mais, ayant la démangeaison d'entendre des choses agréables, ils se donneront une foule de docteurs selon leurs propres désirs, détourneront l'oreille de la vérité, et se tourneront vers les fables.»
(2 Timothée 4 :3-4) Bible Louis segond
…………………………………………………………………….........
« Yon lè, ou gen pou ou wè moun p'ap vle kite yo moutre yo verite a ankò, y'ap vle pou yo swiv lide pa yo. Lè sa a, y'a reyini yon bann direktè met bò kote yo ki va di yo sa yo ta renmen tande. Yo p'ap vle tande verite a, y'a pito koute istwa ki pa vre.»             
(2 Timote 4 :3-4) Bible Société Biblique Haitienne.
…………………………………………………………………….........
Èske w pran plezi nan li epi koute Pawòl BONDYE ?
       Ki pawòl ou renmen tande ? Sa ki verite ? Sa k’ap bon pou ou oswa sa ki fè w plezi  ? Pawòl BONDYE a di nou “tout sa ki ekri nan Bib la sòti nan Lespri BONDYE ; tout itil” (2 Tim 3 :16). Men nan dènye tan an, gen moun k’ap kite Levanjil Kris la pou y’al anseye oswa suiv ansèyman ki chita sou manti ak espwa fo mamit. Paske yo pè soufri, y’ap bliye si Pawòl Bondye a se medikaman pou nanm; li ka gou oswa anmè nan bouch, men l’ap geri nou (2 Tim 4 :3-5 ; 2 Pyè 2 :1-3).

       BONDYE ba lèzòm yon sèl moun pou rekonsilye yo avèk Li : JEZIKRI (Ak 4 :11-12 ; Jan 14 :6). Pou nou rete fèm nan Levanjil KRIS la  jiskaske Li retounen, veye pou nou pa ni suiv, ni anseye, ni pwopaje ansèyman ki kontrè ak sa JEZI te kite pou nou (Matye 10 :22).
Chant du mois: # 85 français Chants d'Espérance (Redites-moi l'histoire)

Cliquez sur ce lien pour avoir accès à ce chant en ligneRedites-moi l'histoire

2013: Ane Pou Nou Kenbe Lespri Nou An Pè.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : (509) 38159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
                                 www.motivationbiblique.blogspot.com