samedi 4 mai 2013

Verset du mlois de mai 2013


« Garde ton cœur plus que toute autre chose, Car de lui viennent les sources de la vie.»    
                         (Proverbes 4:23) Bible Louis segond
……………………………………………………………….............
« Pase tout lòt bagay, veye byen lide k’ap travay nan tèt ou, paske se yo k’ap di ou ki jan pou ou viv.» 
                (Pwovèb 4:23) Bible Société Biblique Haïtienne
………………………………………………………………...….........

Èske w kontwole sa k’ap antre nan lespri w ?

       30 minit anvan w al dòmi, 30 minit apre w fin leve nan maten, sa w fè ? Sa w koute ? Sa w gade ? Ki pawòl ou pale ? Sa w li ? Ki sa w kite ranpli, satire epi domine lespri w ? (Matye 12 :34) Sikològ yo rekonèt peryòd tan sa yo enpòtan anpil anpil. Poukisa ? Paske nan moman sa yo, lespri nou trè reseptif epi trè dosil. Se peryòd nou ta dwe itilize pou pwograme lespri nou.
        
        Nan pwovèb 4 :23, BONDYE di nou : “Pase tout lòt bagay, veye byen lide k’ap travay nan tèt ou, paske se yo k’ap di ou ki jan pou ou viv.” E nan Mak 1 :35, JEZI ban nou yon egzanp pou nou suiv : Li leve byen bonè epi pase tan nan lapriyè.
       
       30 minit anvan nou dòmi, 30 minit lè nou fin leve nan maten, se pa moman pou nou tchat, ale sou facebook , fè nouvèl, koute oubyen pale pawòl ki pou twouble lespri nou. Itilize moman sa yo de preferans pou w li, koute oubyen fè yon bagay ki pozitif : priye, li Labib…Paske se youn nan sekrè pou nou ranmase fòs pou nou ka fè fas ak  tou sa k’ap vin sou chimen nou epi pote viktwa sou yo.

Chant du mois: #73 créole Chants d'Esprérance (Kè nou pa bezwen twouble plis)

2013: Ane Pou Nou Kenbe Lespri Nou An Pè.
J. Jonas LOUISAIRE

Motivateur

.........................................................

Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,

pataje temwayaj la

Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746

Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)

www.motivationbiblique.blogspot.com