« Que la parole de Christ habite parmi vous
abondamment ; instruisez-vous et exhortez-vous les uns les autres en toute
sagesse, par des psaumes, par des hymnes, par des cantiques spirituels,
chantant à Dieu dans vos cœurs sous l'inspiration de la grâce. »
(Colossiens 3:16) Bible Louis Segond
……………………………………………………………………....
« Kenbe pawòl Kris la ak tout richès li yo
byen fèm nan kè nou. Se pou nou youn aprann nan men lòt, se pou nou youn ba lòt
konsèy avèk anpil bon konprann. Se pou nou chante sòm, kantik ak tout lòt
chante Lespri Bondye a va moutre nou, pou di Bondye mèsi ak tout kè nou. »
(Kolosyen
3:16) Bible Société Biblique Haitïenne
………………………………………………………………..…......
Ki pawòl nou pale ?
Lè nou youn rankontre lòt, kòman nou
santi nou ? Sou kisa nou pale ? Eske se pawòl ki pou ankouraje nou oubyen dekouraje
nou ? Pawòl ki pou ede nou viv
byen youn ak lòt
oubyen kreye divizyon ? Pawòl ki pou konstwi lafwa
nou oubyen kreye dout, lapèrèz, jalouzi, epi diminye konfyans nou gen
nan BONDYE ?
Pawòl Bondye a di nan Kolosyen
3 :16, lè nou youn rankontre lòt, se pou nou pale sou Pawòl Kris la – sa vle di Pawòl BONDYE
a ki se LaBib. Se pou nou chante bon ti kantik ak sòm ki ka ede moun grandi nan lafwa (1 Tesalonik
5 :11 ; Efezyen 4 :29, 5 :18).
Lè nou reyini, lè nou rankontre, lè nou
youn vizite lòt, èske nou fè tèt nou plis
tò oswa nou fèt tèt nou plis byen ? (1 Korentyen
11 :17) Ou di mwens, èske Pawòl
Kris la ap debòde nan nou pou touche lòt yo paske se li ki ranpli lespri
nou ? (Matye 12 :34)
Chant du mois: # 85 français CE (Redites-moi l'histoire / de l'amour de Jésus)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou,
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com