jeudi 1 novembre 2012

Verset du mois de novembre 2012


« Voici, oh ! Qu'il est agréable, qu'il est doux Pour des frères de demeurer ensemble dans l’unité ! … Car c'est là que l'Éternel envoie la bénédiction, La vie, pour l'éternité. » 
(Psaume 133 : 1 et 3b) Bible NIV
 ................................................................................................
« Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm ! …Paske se la Seyè a pwomèt pou l bay benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.» 
(Sòm 133:1 e 3b) Bible NIV
...................................................................................................
Eske nou fòme yon ekip ?
       Nan ki ekip ou ye? Yon ekip  ki pratike yon espò ? Yon asanble? Yon gwoup ? Yon koral ? Yon asosiyasyon ? Yon komite ? Yon fwaye oubyen yon fanmi ? Yon sosyete ? … Eske w jwe wòl pa w pou ekip ou a pwogrese ?

      Sa ki fè fòs yon ekip se tèt ansanm. Sa ki fè fòs yon ekip se lè chak eleman li genyen yo [chak  jwè, chak manm] jwe wòl pa yo, epi tout efò sa yo an amoni pou reyalize yon objektif ki ini tout jwè yo.

       Bib la di nan Sòm 133 :1 “Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm !” (Bib NIV). Remake Bib la di “lè frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm.” Sa vle di li posib pou  nou la ansanm, fè foul, san ke nou pa fè yon sèl  vre. Men BONDYE di nan vèsè 3 : Se kote frè ak frè fè yon sèl pou viv ansanm l’ap voye benediksyon l, lavi ki p’ap janm fini an.

       Eske w vle fè yon sèl ak frè w ak sè w pou viv ansanm ?

Chant du mois: #263  français Chants d'Esprérance (Ah! qu'il est beau de voir des frères / D'un même amour unis entre eux)
2012: Ane Pou Nou Konsantre Nou Sou Travay Pa Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Motivateur
.........................................................
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, 
pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com