« Ne vous y trompez pas: on ne se moque pas de Dieu. Ce qu’un homme aura semé, il le moissonnera aussi. » (Galates 6:7) Bible Louis Segond
...........................................................................................................................
« Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte. » (Galat 6:7) Bible Société Biblique Haïtienne
............................................................................................................................
Ki semans nou ka simen ?
Se BONDYE ki kreye moun, tè a, syèl la, lanati , linivè, ak tout sa ki ladan yo. Menm BONDYE sa a bay prensip pou yo byen fonksyone epi bay bon jan rezilta. Moun pa ka vyole prensip (oubyen lwa) sa yo epi panse pa gen okenn konsekans.
Yonn nan prensip BONDYE etabli se “Semans-Rekòt”. “Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte”(Galat 6:7). Men, kisa yon moun ka simen?
Yon moun ka simen: 1) Pawòl BONDYE a ki se bòn nouvèl Wayòm nan. Kòm rezilta : moun ap jwenn salu, konsolasyon ak libète pou nanm yo. Y’ap rekonsilye ak BONDYE. 2) Lajwa. Rezilta: lasante (Prov 17:22;15:13); tristès, amètim. Rezilta : twoub, kontaminasyon (maladi), dezolasyon (Ebre 12:15b), lanmò (2 Kor 7:10).
3) Parès spirityèl , fizik , entèlektyèl , etc., mòde-lage, iresponsabilite, endisiplin. Rezilta: povrete, echèk , esklavaj, fristrasyon (Pwov 6:10-11); dilijans, disiplin. Rezilta: richès, satisfaksyon (Pwov 10:4; 12:11, 24, 27).
4) Ou ka simen lafwa oubyen enkredilite; obeyisans oubyen rebelyon; jistis oubyen enjistis ak pati-pri; imilite oubyen ògèy; konesans oubyen inyorans; sajès oubyen foli; tan, don ak talan w; resous ou genyen; pasyans ouben kòlè; rekonsilyasyon oubyen divizyon; lapè oubyen lagè; etc. (Li:Ebre 3:19; 4:6; Oze 8:7; Job 4:8)
Se nou ki pou chwazi ki semans n’ap simen. E sa mande disiplin ak matirite, pa vre?
Chant du mois: # 30 français La Voix du Réveil (Le jour de la moisson viendra)
2011: Ane Pou Nou Disipline Tèt Nou.
J. Jonas LOUISAIRE
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Si vèsè sa a te yon benediksyon pou ou, pataje temwayaj la
Voye yon SMS Tel. : 5093-8159746
Boîte Postale 11060, Carrefour, Haïti (W.I.)
www.motivationbiblique.blogspot.com