vendredi 2 juillet 2010

Verset du mois de juillet 2010

« Eh quoi ! Si quelques-uns n’ont pas cru, leur incrédulité anéantira-t-elle la fidélité de Dieu ? Loin de là ! Que Dieu, au contraire, soit reconnu pour vrai, et tout homme pour menteur... »
                        (Romains 3:3-4) Bible Louis Segond
..............................................................................................................
«Bon, tande non.Si gen ladan yo ki pa  kenbe pawòl yo, èske poutèt sa Bondye  p’ap kenbe pawòl li tou ?  O, non, se lekontrè. Menm si tout moun ap bay manti, Bondye gen pou fè sa ki pou fèt la rive vre... »
                (Women 3:3-4) Bible Société Biblique Haïtienne

  Kisa BONDYE te di ? Kote tè pwomès pa w la ? Ki moun ki te fè w pwomès  la ? Èske w vle bay vag tout bon vre ? Chak pwomès BONDYE antre nan plan  BONDYE pou glwa BONDYE.
      Pafwa nou mezire BONDYE ak mezi nou mezire tèt nou. Paske nou gen limit nou panse BONDYE gen limit [nan kapasite li] tou. BONDYE pa menm jan ak moun. Menm jan syèl  la byen lwen anwo latè, se konsa kapasite BONDYE byen lwen anwo kapasite nou (Li Ezayi 55:8-11). Se poutèt sa, lè yon bagay enposib pou
moun fè, BONDYE kapab fè li (Matye 19:26).
      Menm si nou pa vle kwè BONDYE kapab fè sa li pwomèt l’ap fè a, sa p’ap chanje anyen nan fidelite BONDYE. Plan BONDYE ap reyalize kanmenm, avè w oubyen san ou-menm. Men, si w pa vle kwè: 1o) ou kapab rekòlte fwi enkredilite w epi peri nan dezè a (Nonb 14:11, 27-28, 34); 2o) ou kapab retade pwosesis la; ou ka oblije tann yon lòt sezon; 3o) ou kapab wè l ak  je w epi w pa ka manje ladan l (2 Wa 7:2).  
      Seyè, se pou volonte w fèt!

Chant du mois : # 13 Chan d'Esperans
(Lè n'ap mache ak Dye/Obeyi kwè/Se tou sa pou nou fè)

JonasLOUISAIRE
Motivateur