« Dieu n’est pas un homme pour mentir, Ni fils d’un homme pour se repentir. Ce qu’il a dit, ne le fera-t-il pas? Ce qu’il a déclaré, ne l’exécutera-t-il pas. »
(Nombres 23:19) Bible Louis Segond
......................................................................................................
« Bondye pa tankou moun k’ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k’ap chanje lide yo pou ti krik ti krak. Depi li pwomèt yon bagay, l’ap fè l. Depi li pale, fòk sa li di a rive! »
(Nonb 23:19) Bible Société Biblique Haïtienne
Lè BONDYE fè w yon pwomès, èske w kwè epi sezi pwomès sa a pa mwayen lafwa ? Si w pa kwè sa BONDYE di, kilès ou kwè? Ou kwè w ta bliye verite sa a: “Pawòl BONDYE a aji (efikas, fè mirak ) pou moun ki kwè (1 Tesalonisyen 2:13)”?
Pawòl BONDYE se verite.(2 Samyèl 22:31; Jan 17:17). Sa w dwe fè, se aksepte nenpòt sa BONDYE di (nan pawòl li). BONDYE di li pa konn bay manti; li toujou kenbe pwomès li. Poukisa w kontinye ap mande si se vre? Poukisa w ap doute? Paske sitiyasyon pa w la difisil ? Pa gen anyen ki enposib pou BONDYE (Matye19:26 ; Mak 10:27).
Pa bliye li vèsè sa yo: Jeremi 1:12; Women 4:21; Travay[Actes] 27:25; Ezayi 59:1-21; 2 Timote 2:13; Jan 11:40.
Chant du mois : # 10 Haïti Chante avec Radio Lumière (Mouin p’ap kite ou ni bliye ou)
JonasLOUISAIRE
Motivateur