lundi 3 mai 2010

Verset du mois de mai 2010

« Ne vous inquiétez pas pour votre vie de ce que vous mangerez, ni pour votre corps, de quoi vous serez vêtus. La vie n’est-elle pas plus que la nourriture, et le corps plus que le vêtement?...Qui de vous, par ses inquiétudes, peut ajouter une coudée à la durée de sa vie? » 
                     (Matthieu 6:25, 27) Bible Louis Segond
........................................................................................................

« Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje ak bwè pou viv, ni pou rad nou bezwen pou mete sou kò nou. Èske lavi a pa pi konsekan pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? ...Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l’? »
              (Matye 6:25, 27) Bible Société Biblique Haïtienne

       Èske nou bay bagay ki gen plis valè plis enpòtans ? Anvan w kouri reponn, fè yon ti reflechi. Repons lan se pou ou; ou mèt sensè ak tèt ou.
       Nan jan n’ap viv, nan pwojè nou yo, nan plan nou yo, kisa nou bay priyorite? Bagay ki la pou tout tan oubyen bagay ki la pou yon ti bout tan?
       BONDYE di nou: Pa bat kò nou pou sa nou bezwen pou manje, sa nou bezwen pou bwè, rad nou bezwen pou mete. Ki moun ki bat kò yo pou bagay sa yo? Se moun ki pa konnen BONDYE – payen yo. Poukisa? Paske:
10) Yo pa konnen pwomès BONDYE yo. BONDYE
se bèje nou, Jewova Jire: Plis ke ase. 20) Yo pa ka fè pwomès BONDYE yo konfyans. Depi nou kwè, pwomès BONDYE yo ap reyalize nan lavi nou. 30) Yo pa aplike prensip (pawòl, kòmandman) BONDYE yo. BONDYE mande nou pou nou viv jan li vle l’ la anvan. Tout lòt bagay yo (manje, rad…) ap vini aprè.  Si Bondye pa t’ refize nou pwòp pitit li a (JEZI), kisa l’ap refize ban nou lè nou aksepte viv tout bon vre daprè pawòl li a? 40) Yo pa gen pasyans; yo vle tout bagay fèt byen vit.  
       Pou nou viv daprè pawòl BONDYE a ki di nou
« Pa enkyete, pa bat kò nou pou anyen », sonje sa fwi LESPRI BONDYE a bay: kè kontan, kè poze, pasyans, etc. (Galat 5:22) Lè nou gen pasyans, n’ap sispann viv tankou moun ki toujou ap kouri, ki toujou ap jere kriz ak ijans. Se pou nou reflechi pito sou tan ki p’ap janm fini an epi poze  tèt nou kesyon sa yo: Èske nanm mwen an sante? Èske mwen  gen tan pou pran swen kò mwen, lespri mwen, nanm mwen, travay MÈT la?

Chant du mois : # 133 CE (Sois sans alarme, sans frayeur / Dieu prendra soin de toi)


JonasLOUISAIRE
Motivateur